View Single Post
  #3 (permalink)    
Old 04-09-08, 09:05 AM
13capricorn 13capricorn is offline
Junior Member
 
Posts: 5
13capricorn is on a distinguished road
Anpil gouvenman tombe nan peyi d'Haiti le se koken politik kap fet. Pa egsanp diktate, koudeta milite, prezidan kap fe magouille politik etc..
Men le se yon problem ekonomik, le se yon pep kap rele ammmwee pou grangou, pou travay se pa politisyen ni pati politik ki kap regle koze sa. Fok se moun ki gen bon baz ekonomik sou li ki pou paret tet yo avek yon plan travay ki kap remonte kouran ekonomik peyi a.
Si sete yon moun kankou Simeus kite o pouvwa, kriz ekonomik sa patap rive la. Misye tap deja wel byen longtan deja paske mesye gen manajman skill poul redrese problem ekonomik.
Problem peyi d'Haiti kounyen la pa selman politik men yon kriz sosyal e ekonomik ki pakab rezoud avek politisyen tradisyonel ke nou genyen kounyen la.
Fok se yon hibrid, yon melanj d'homme profesyonel experimante ki gen vizyon, e yon plan d'atak solid ki pou mete ray train ekonomik peyi a sou peye.
Politik nan peyi d'Haiti ap toujou yon problem kelkeswa dirijan an si sitiasyon ekonomik e sosyal pep la pa ameliore.
Nan politik tout promes ki fet a yon pep se yon dett ke w mete sou do w.
13capricorn
Reply With Quote