View Single Post
  #7    
Old 04-11-08, 04:38 PM
Ma Vallee Ma Vallee is offline
Registered User
 
Posts: 93
Ma Vallee is on a distinguished road
Se yon pwoblèm lè ayisyen wè sèl altènativ sanble se pou lòt nasyon ta vin dirije ayiti. Men gen de pwoblèm nan sa: pwoblèm yo se nou ki kreye yo epi tou lòt nasyon yo gen pwoblèm pa yo dirijan yo ap seye rezoud. Sa vle di se ayisyen ki pou fè yon ti jefò pou vin serye epi travay pou ranje sa.
Men nou gen yon pwoblèm nan fason ayisyen an jeneral konprann politik. Nou pa pantre nan politik pou sèvi peyi nou men pito pou nou ka pwofite de sa peyi a ka ofri. Mwen sonje kòmantè nèg sa a ki te minis sou Latortue paske li se yon militan nan branch lan: "dat map depanse lajan m nan bagay sa a!". Ou ka konprann ke minis sa a pa janm rate yon okazyon pou vwayaje. Li ale tout kote, menm lè se yon kad ki pou ta patisipe, paske se yon fason pwòp pou li te tire lajan li te depanse nan sektè a lè li te militan.
Mwen panse foròm sa a kapab ede ayisyen pran konsyans ke peyi a se pou nou li ye kidonk se nou ki pou ranje li.
Reply With Quote
Page generated in 0.21837 seconds with 24 queries