Reponse a Dadou:
Mwen kontan keu ou explike situation ou min map reproche'ou keu wap fait promesse keu ou paka kinbe. Si ou pa gin kob pou al Jamaique, pa fait annonce keu ou pral jwe ak Jamaique. Joue ak St Domingue, invite Cuba vini lakay ou etc... Sispan fait propagande, annoce match pou fe bel figu epi pou pa kapab delivre. Se ou avec peyi a ki paret led.
Se pa 1er fwa sa rive!
Se yon manager ou ye, entrainement ak preparation yon ekip kapab fet ak yon minimum si ou gin moun konsekan kap travay avec ou. Pa gin raison pou manje pa bon, pou jwe pa jwen dlo pou yo bwe. Si moun yo paka fait travay yo cheche moun ki kapab. Ou responsab tout detail lan selection an, fait travay ou. Jweu yo montre keu yo kapab, Eloi gin ampil lika pote lan selection an, assure yo yon minimum pou yo travay. Ou dwe peyi an mieux ke sa, ou kite trop bagay laisser aller epi tan ap pase. Malgre tout inaptitude keu ou ginyin, mwen rete kwe keu pa gin pi bon pase-ou en Haiti pou job lan. Nou mande mieux, fait mieux ak sa ou ginyin an.