View Single Post
  #5    
Old 11-04-00, 11:33 AM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Post

Mwen sèten Combronne, Madan Max Adolphe, Bennett ak tout moun ki te konn abitye al benyen nan pisin lakay yo...ki te konn patisipe na defile mòd manto, nan chanm klimantize - sonje jan sa te "bon" nan tan lontan.
A wi, bon tan lontan, lè Prezidan Bonbonfle te konn fè kous machin ofisyèl nan kapital la pandan limenm ak fanm li ap voye sak degouden ak 20 kòb nan fal malere - san konte sa ki mouri krabinen anba kawosri machin "chèf".
A wi, bon tan lontan, lè nèg te konn ale pran masaj gratis nan Fò Dimanch.
Mwen sonje mouch !
Wi, sa te bon vre. Richard Brisson, ou tande yo?
Jacques Stephen Alexis, ou tande yo?
E oumenm ti Filojèn ou tande yo?
Sa te bon alepòk. Yo nostaljik, yo vle fè bak aryè...gadavou !
Imamou Lele o - Avèk yo ou san yo...Ayiti ap chanje!
Ou tande tèt chaje?
Jafrikayiti
Reply With Quote
Page generated in 0.21394 seconds with 24 queries