View Single Post
  #10    
Old 10-31-00, 01:34 PM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Post

Onè,
Wi, nou tout vle yon peyi kote tout moun konn li, tout moun konn ekri (toulede lang ofisy`l peyi a parekzanp), nou vle entènèt, nou vle gwo ayewopò, nou vle, nou vle, nou vle...
Men kilès ki pral pote tout sa pou nou Jezi?
Ayiti se yon peyi pòv. Nou tout konnen poukisa li pòv. Alòs poukisa nou chita ap reve de je fèmen olye nou louvri je nou gade Site Solèy, gade Raboto, gade Otwoudinò, gade tout nannan peyi a, pou nou konprann tout bezwen li, tout resous li, tout listwa li, tout reyalite sosyo-kiltirèl li...pou nou kapab idantifye kisa ki priyorite epi mete men pou amelyore sitirasyon an - selon priyorite yo.
Lè nou va fè efò sa a, nou va remake se pa entènèt ki priyorite # 1 nou. Si lavi yon Ayisyen k ap viv Site Soley gen menm enpòtans ak lavi yon Ayisyen k ap viv nan tèt Mòn Kalvè, nan Palè Nasyonal osnon sou twotwa lari Channmas, nou dwe rekonèt Ayiti dwe rezoud pwoblèm lamanjay la, pwoblèm kay la, pwoblèm dlo a, pwoblèm lasante a, pwoblèm ledikasyon an anvan tout bagay.
Pou sa fèt fòk moun ki abitye finanse koudeta yo, chwazi envesti nan lòt aktivite - tankou reparasyon izin sik, izin kafe, chan Mango, Chan diri...elatriye.
Wi, pèp Ayisyen se nou tout. Ni sa enbesil ap rele chimè, ni sa ki konprann yo se yon lòt kategori. Tout Ayisyen fè pati pèp Ayisyen.
Alòs, nou vle kite rans politik yo dèyè pou nou vanse sou chimen pwogrè: Bay pèp Ayisyen (kolektivite ki gen dwa vote a) deside sò politisyen yo 26 novanm k ap vini a.
Jafrikayiti
Reply With Quote
Page generated in 0.22185 seconds with 24 queries