Sa mwen ta renmen yon moun esplike m se pozisyon Mesyedam sa yo rele opozisyon an Ayiti a. Eske tout bon vre Nèg yo kwè nan sa y ap fè a ? Si vrèman yo onèt, ki etid yo fè ki fè yo rive nan pwen sa a ?
Eske se lajan k ap fè yo aji konsa ?
Eske yo kwè vrèman ke se nan enterè peyi a y ap travay ? Mwen ale nan yon sit Konvèjans la pou m te wè si yo mete ansanm yon pwogram plizoumwen tankou sa ki pibliye nan liv blan Fanmi Lavalas la. Mwen poko tonbe sou li.Mwen gen yon konpatriyòt ki renmen di m ke li te pi gwo Lavalasien li te ye men lè li fin li prefas liv blan sèlman li konkli ke Aristide pa bezwen lajan prete nan men Meriken sil ka ekri tout koze sa yo nan premye paj liv ki detaye sa pou l fè ak lajan an. Eske Misye gen rezon ?