View Single Post
  #1    
Old 06-29-01, 05:07 AM
Alicia, Pierre Alicia, Pierre is offline
Junior Member
 
Posts: 5
Alicia, Pierre is on a distinguished road
Post Koman pou nou retire Ayiti nan labou sa-a?

Map poze tet mwen kesyon sa-a, kisa mwen men-m mwen bezwen fe pou-m retire Ayiti nan sitirasyon sa-a li ye la-a? Eske se joure pou-m joure gouvenman ki an plas kounie-a, ou byin lot peyi gran-n pisans yo, chita fe diskisyon tout lajounin ou byin kwaze bra-m?
Nan trou kote peyi nou ye-a, nou pa bezwen pe di-l malgre nou optimyss anpil, nou konnin lap soti gras a efo nou, se yon sel bagay ki rete pou nou fe mete tet nou ansanm, min koman nou pral mete tet nou ansanm, le nou paka dako sou yon afe langaj. Mwen pa konnin si gin moun kap dako ave-m, min fason mwen oue-l se: pa tan-n gouvenman, paske nou gin tan oue yo pap fe angnin pou nou( swa yo pakap osinon yo pa vle)ouve entrepriz ke se yon viep ti bagay, travay sou agrikilti ak lekol, se li ki avni peyi-a. Gin moun kap di-m avek insekirite ki nan peyi-a, pa gin moun ki fou?Si etazini tap gade sou insekirite, li pa tap kote li ye, e nou minm nou pa tap lakay li. Paske pou mwen men-m ide sa-a ap travay mwen lontan, mwen selman bezwen konnin si gin Ayisyen ki gin men-m ide ak mwen. Pale de sitirasyon an bon anpil,paske nan brase ide mwen konnin bagay mwen pat konnin, men pale san aji pa vo angnin.Mwen te li Chery Lirex ki te pale de revolisyon nan atik li ya, mwen sanpousan dako ak li, men se pa de revolisyon pran zam, se revolisyon nan fason nou panse ak fason nou aji,(mwen pa yon psykiat). Mwen vin-n nan peyi blan an, mwen apran-n anpil e mwen eseye pran bon yo, kite pabon yo pou yo. Map chache yon fason pou-m pote bay-l pep mwen an. Map panse bo kote pa-m koman pou-m soti nan touron san fin sa-a, paske le-w di Ayiti se mwen ou di.
Reply With Quote
Page generated in 0.22224 seconds with 25 queries