View Single Post
  #3    
Old 07-11-01, 09:02 PM
Alicia, Pierre Alicia, Pierre is offline
Junior Member
 
Posts: 5
Alicia, Pierre is on a distinguished road
Post

Mwen remesye ou anpil, Fanfy, pou repons atik mwen an. Fason mwen tap panse pou retire Ayiti ate-a, e se konsa anpil fre-m ak se-m panse, premyeman se travay nan panse pep Ayisyen, paske fok ou prepare espri yo pou yo resevwa chanjman, paske min-m le nap pale de li, kwe-m, nou pa ko pare pou li, kom nou ka remake. Se yon estasyon radyo pou-n ta mete chita, pa nan kapital la non, nan provens yo, pou ka edike pep la sosyalman, moralman ak sykolojikman palan. Epi apre ou fin-n ansegne yo, kounie-a lespri yo ap vin-n ouve, se yo min-m ki pral vin-n ak ide pou mete peyi-a kanpe, paske le map li istwa peyi Etazini, pi fo moun yap rele "old money" kounie-a yo, se pa moun ki te pase Havard, ni Princeton, min se moun ki pat gin angnin nan min yo, ki vini ak ide, ki travay yo. Se yo ki mete peyi sa-a kote nou oue li ye la-a, pa ekzamp, ji pom nap bwe, ak popcorn nap manje ak pil lot. Lot bagay nou ka fe, nou ka ouve ti bizniss(Paris pa te bati yon sel jou), epi nan ti piti, nou ka travay li, fe-l vin-n gwo, sa depan-n de visyon nou. Se konsa mwen oue pou nou ta komanse, mwen pa konnin si ou dako ave-m?
Reply With Quote
Page generated in 0.35075 seconds with 24 queries