|
Pou afe Kreol la, pa fatige-w, paske sou chak san Ayisyen ki pale Kreol, se apen-n si gin sink ki ka ekri-l, min-m mwen min-m se kounie-a map eseye ekri-l, paske map travay pou-l vin-n yon lang, sa se yon lot sije. Pou afe devlopman Ayiti,an nou pa gade sou lot moun, an nou mande tet nou,sa nou min-m, nou ka fe. An pasan, ban-m ba ou ti enfomasyon sa-a. Eske ou konnin ke "waste management" ki gin siej santral li Etazini, tale Ayiti pou tabli konpani sa-a nan peyi-a, mesie gouvenman yo,telman pa we peyi-a,tan pou yo profite de sa, yo chak mande miliye dola, sak minm mande miliyon,le konpani an kalkile depans li pwal fe pou instale konpani an, ak mete rout nan peyi-a pou fasilite machin yo, epi pou bay mesie yo lajan yo mande-a, li we lap fe trop defisy, li pa instale-l anko. Sa map di-w la, se pa pawol mwen fe, ni se pa kontrole map fe, se yon kouzin-m ki assistan manaje andedan ki di-m sa. Konpani an te gin tan mande-l pou la-l travay ak yo an Ayiti pou-l ka tradi pou yo tou, misie te gin tan ranje ko-l pou-l ale, pa pou-l la-l ede pep la non, min pou la-l bay freche. Eske ou oue nan ki kondisyon nou ye? Mwen te gin yon zanmi-m, mwen pa bezwen di non-l, ki te kon-n bay bel diskou sou jan peyi-a pa ka rete nan eta li ye-a, min kounie-a, mwen we non-l pami manb gouvenman an, se pa angnin mwen tande misie ap regle pa rapo ak jan li te kon-n pale. Okontre, se vwayaje matin, midi, swa, li pa gin tan pou pep la anko. Ti tan li gin pou pep la, se fe vie diskou nil nan radio. Mwen di tout sa, pou-m montre ke pa gin moun ki pare vre pou devlopman peyi-a. Le mwen pale de instri pep la, mwen vle di nan istwa, nan fim, nan radyo ak nan blag. Pafwa mwen kon-n gade "comic view" nan BET, gin anpil bagay nan la vi chak jou-a yo fe blag ak li, mwen ri an min-m tan je-m ouve sou anpil bagay tou. Mwen sonje mwen te kon-n gade " Languichatte" ke Theodore Beaubrun te pwodi epi mwen te kon-n tande "Hoy les voila" ke Mona Gueri te pwodi tou, yo te bel se vre, mwen pate janm rate yon episod, min yo pa te kon-n travay nan sykoloji mwen, tandi ke Maurice Sixto ak istwa-l yo, te fe-m panse anpil. Mwen pa di sa pou move kritik, paske sa yo se pione yo te ye, nou dwe swiv ekzanp yo e kontinie ak travay la. Peyi nou Ayiti gin anpil bagay ladan-l pou devlope-l, san nou pa bezwen ed lot peyi, min, fok nou pare pou sa. Batay peyi-a ap minin kounie-a se yon batay sykolojik, paske nou fe revolisyon jouk nou bouke, nou ranvese gouvenman sou gouvenman, nou telman gin atik nan konstitisyon nou, nou pa kon-n sa pou-n fe ave yo, angnin pa mache, nou joure lot peyi, nou di se yo ki kokobe nou, min eske se vre? Gin yon pwoveb Ayisyen ki di, sot ki bay inbesil ki pa pran. Pwoblem nou, kom mwen di-l deja, se yon pwoblem sykolojik, " mon peuple perit faute de connaissance". Ou mande-m ki moun ki pare pou bay tet yo pou ede pep la moralman, sosyalman ak sykolojikman. Mwen konnin anpil moun ki pare pou fe sa, min yo pe. Kom mwen di yo, depi-w pe, se ke ou poko pare. Ou ta panse se Ayisyen ki an Ayiti ki ta gin plis pwoblem sykolojik sa-a, mwen sezi pou-m we, ni sa yo ki nan amerik la, ni sa yo ki an europ la, ni sa yo ki nan res caraibes la, gin min-m pwoblem nan. Mwen min-m map pare tet mwen pou revolisyon sykolojik sa-a e ou min-m? Min-m jan pwoblem nan se nan nou li ye, e byin, solisyon an se nan nou li ye tou. Sa-w di?
|