View Single Post
  #6    
Old 08-05-01, 10:23 PM
Kenkinad
 
Posts: n/a
Thumbs up

Mesye dam, fòk mwen di nou tout konpliman paske nou pale gwo michan koze. Li fè kè-m kontan pou-m wè kouman ayisyen konpatriyòt mwen enterese a bagay peyi cheri nou tout lan. Ayibobo pou nou tout mesye dam! Mwen men-m se youn nan siywayen peyi a ki chaje, m-kapad di, pou pote lakay. Map travay nan peyi blan an kòm youn pwofesè nan plizyè nivo, kòm youn espesyalis nan afè òdinatè, kòm youn ekspè nan kesyon lengistik, kòm youn save nan koze ledikasyon, etsetera era. Men tou, m-pa kache deklare nou, zanmi-m yo, mwen pè e mwen fout pè tout bon! Mwen pa vle akize pèsòn, ni moun patikilye, ni gouvènman, men tonnè kraze-m, m-fout pè! Lè map wè anpil dega zòt ap fè nan arete moun jan yo vle, chifonnen lwa peyi a nan gou yo, deside nenpòt madigridji jan yo vle, e pèsòn pa ka di anyen, mesye dam, ankò vièj pete je-m, mwen fout pè tout bon! Mwen pare pou-m ale, pou mal envesti tou sa mwen genyen pou peyi-m, men m-pap jan-m al pwan chans sa a e ni m-pap konseye pèsòn lòt moun kouri ris bay gwosè piyay sa a tout tan pa gen youn bagay ki fèt, lè yo arete moun pou gran mesi, lè yo pase prensip, lwa ou byen nenpòt lòt bagay nan tenten, fòk youn bagay kèlkonk fèt pou fè moun sa yo konpwan-n yo pa gen dwa ni yo pa kapab fè sa yo pi pito! Tout tan sa pa fèt, map kontinye bliye Ayiyi, e map konseye pou tout lòt moun fè men-m jan an!
Reply With Quote
Page generated in 0.21710 seconds with 21 queries