Mwen li tout sa nou di yo e mwen ke we nan fason pa nou, nou gin rezon. Kenkinad, ou di ou pe, ou gen rezon, mwen menm, mwen pa selman pe Ayisyen ki nan Ayiti yo, mwen pe ata sa ki nan diaspora-a. Mwen te pale de, pou nou ale Ayiti kounie-a, mwen vin-n we ke li enposib. Sa mwen ta plis mete aksan sou li kounie-a, se yon revolisyon sykolojik, sosyal ak espiritiel. Le yon moun anba dlo, lap neye, si ou ale anba dlo al pwan-l, lap koule-w, men si ou voye yon kod ba li, lap pwan-l,lap remoute nan le. Si-w voye yon ti kod feb, anvan minm moun nan moute, kod la ap kase e moun nan ap neye, men si ou voye yon-n byin solid, lap apiye sou li, li pap mouri. Sa mwen vle di le-m pale konsa, kod la se moun yo ki nan daspora-a. Eske-w tande radyo Ayisyen de jou-a, gen de fwa wap mande-w kote fiti pep Ayisyen an? Yo pa di angnin pou instri pep la, yo selman ap rablabla. Peyi Oryantal yo, peyi ki nan sid Amerik la ak kek peyi nan Afrik yo voye etidyan yo vin-n etidie Etazini pou apran-n sosyoloji, sykoloji ak lasyans. Ou pa tande pi fo mesie kap travay nan peyi sa yo se Etazini yo te etidie. Japon ak Chine kap bay pwoblem kounie-a nan teknoloji, se Etazini yo te etidie. Yo telman ale lwen ak teknoloji-a ke menm pep Ameriken komanse pe yo.Mwen di tout sa pou-m ka vini ak sa-m vle di-a. Sa-m vle di menm, nou vini isi-a, se pou nou ka aprann, epi al pote lakay, se pwan sa ki bon yo, paske gen anpil bon bagay, kite pa bon yo pou yo. Ou menm Kenkinad ki gen tout konesans sa, sa-w gen pou fe, se travay nan mantalite pep la ki bo kote-w la, fe-l konnen ke gen espwa pou peyi Dayiti, men espwa peyi-a se li. Jen jenerasyon an ki pa men-m vle pale kreol, fe yo konnen ke menm le yo fet nan lot peyi se Ayisyen yo ye. Rakonte yo istwa peyi nou, ba yo, yon santiman dapatenans(mwen pa jwenn yon mo kreol pou sa-a).Ba yo vizion,mwen aplodi Wyclef ak de men, mwen men-m se ak jen-n ak timoun ke mwen travay, mwen foure Ayiti nan tet yo, gen paran ki fache. Mwen kontan konnen gen Aysyen ki gen bel rev pou peyi-a, pa pe, ou pa bezwen fout pe, ou ka komanse-l isi-a nan diziem depatman, ou pako bezwen ale Ayiti. Sa ou panse?

Mwen apresye repons ou Tiro, men fok ou konnen pa gen angnen ki janm bay angnen gratis sitou libete, menm nan relasyon gason ak fanm, kote ou pa ta panse, gen echanj, se banm ma ba-w. Waste management pa tap vin-n retire tout fatra nou yo, gen enpe, nou tap oblije retire ak men nou. Le Ameriken tal fe nou kado sa li te ban nou Gonaives la, se pa te san konsantman gouvenman nou li te fe-l e yo menm te touche pou sa, si wap mande regleman de kont, al mande gouvenman ki te la le sa-a, al gade nan dosie epok la, wa we, kom-m mwen di deja, sot ki bay, inbesil ki pa pwan. Nou bezwen pou gwo konpani sa yo al investi nan peyi-a, an nou jete aspe negatif la, an nou pwan bon kote-a, poul ki bezwen vole, bese avan. Eske-w pa dako ak mwen?