Adye «Simple opinion»!
nou va pale ankò. Men pou kounye mwen konseye yo tyeke «How Europe Underdeveloped Africa» (Walter Rodney), «Peau noire, masques blancs» (Frantz Fanon), «Haiti la citadelle abrégée» (Patrick Bellegarde-Smith) epi «The Debt» (Randall Robinson). Alewè sit web sa a tou
www.thedebt.net
An pasan, mwen pa etone ou site non Condelezza Rice ak Colin Powell. Ou bliye Pierre Toussaint (ke yo vle kanonize nan legliz katolik) epi Walter Fontroy (Ameriken Nwa ki ti sousou pou Etazini nan tout vye politik kont peyi kote moun nwa ap viv...tankou Ayiti.
Ap toujou gen de twa grenn nèg tèt anba konsa. Menm alepòk lagè pou lendepandans nou, te gen nèg ki te prefere suiv kolon yo nan zile Kiba ak Lalwizyàn, paske yo pa t kapab imajine tèt yo san yon mèt je vèt.
Se konsa lavi ye...
Men, ap toujou gen plis moun k ap goumen pou kakaje pa pase pou linèt...paske se Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!
Jafrikayiti