View Single Post
  #3    
Old 11-11-01, 04:38 AM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Post

Onè Jan,
Ou gen rezon osijè enpak zonbifikatè ke kolonizasyon an genyen sou anpil frè ak sè Afriken nou k ap viv sou kontinan an epoutan yo pi denatire pase anpil Afriken ki nan dyaspora a. Se sa ki fè mwen pa wè travay pèp nou an gen pou li reyalize a kòm yon travay ki limite sou plan gewografik. Se poutèt sa menm mwen toujou di travay Diop, Fanon, Chancellor Williams, Asante, van Sertima, Fouchard, Malcom X, elatriye... se zouti enpòtan ki dwe disponib ni nan lang Kreyòl, KeSwahili, Lingala, Manding, Wolòf, Yoruba elatriye.
Se tout fanmi Afriken an ki merite remanbre...keseswa kote manm li yo ye sou planèt la,gen nesesite pou endividi yo reposede konesans de ki lès yo ye, epi rantre nan konbit remanbreman kolektif la.
Monchè mwen remèsye ou anpil pou enfòmasyon osijè Gatifuna yo paske mwen pa t menm konnen ekzistans fanmi sa yo sou kontinan an. Mwen te okouran nou gen plizyè gwoup popilasyon konsa sou diferan kontinan (menm nan tout fon kè Lazi) men mwen pa t konnen Garifuna yo. Monchè ou wè pandan zòt ap fè manifestasyon pou pwoteje espès zwazo ra ki sanlè disparèt , noumenm nou gen MOUN pwòp popilasyon fanmi nou ki bezwen entèvansyon nou pou yo ka pa disparèt nèt sou latè.
Respè,
JAF
Reply With Quote
Page generated in 0.64429 seconds with 24 queries