Mon Chè JAF ou pa bezwen pè pou Garifuna yo,tradisyon afriken yo tèlman fò lakay yo monchè lè ou rankontre yo ya pi vit afrikanize ou ke ou ewopeyanize yo.Grandèt yo toujou ak fè sakap vini yo sonje ke si sepat tradisyon sa yo ,yo pa tap la.
Se nan St Vincent ak Grenadin yo sòti.Kolon esklavajis Angle te fè erè yal lage yon pakèt moun menm zòn yo te pran an Afrik nan St Vincent.Sa ou tande a ,depi yo rive a,yo tonbe an rebelyon.Yo alie tèt yo ak kèk indyen Karib .An 1795 chèf yo JOSEPH CHATOYER mouri.Angle yo konprann yo ta jwenn bout yo,se lè sa a yo tanmen goumen.An 1797 angle yo bat ba ,nan yon pakèt bato yo depòte yo nan Honduras ak Belize sitou yon kote ki rele ROATAN.Kote sa yo te izole anpil.Donk lè yo rive yo rekonstitye vilaj afriken yo e se sak pèmèt yo siviv e yo pa janm bliye sa.
Wap jwenn yo jounen jodi a nan La Ceiba,Trujillo ak Roatan ak nan Belize.Mon chè menm lè yo vwayaje ,kite Honduras ak Belize yo fè tou sa ki posib pou yo kenbe tradisyon yo:tankou inisyasyon jèn yo(ki pa gen anyen poul wè ak relijyon).Katye Jeneral yo Ozetazini se
Garifuna World
c/o Avila Realty
P.O.Box333
Allen,Tx 75013-0006