View Single Post
  #4    
Old 07-07-00, 12:40 AM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Angry

Mezanmi pou ki non Duvalier oblije site nan ti koze sivilize k ap pale la a. Sa nou bezwen mete dyab nan pawòl la fè?
Li kraze epi pwen ba. Se atitid majorite pèp Ayisyen. Pou kisa?
Paske pandan tout ekzistans li swadizan Lame Ayiti a, se Ayisyen sèlman li touye.
Lè Trujillo te masakre 37 mil konpatriyòt, Lame Ayiti pat itil nou anyen.
Lè siklòn pase nan peyi a, ratibwaze tribò babò, lame pa itil nou anyen.
Okontrè, lè pèp Ayisyen resi mete opouvwa yon gouvènman ak vòt popilè li, lame (CIA) ki di se lame Ayiti li ye a, fè yon koudeta. Li brake Uzi, AK47, M16 ak tout kalite lòt vye zam destriksyon sou Pèp Ayisyen.
Mezanmi sispann radote tande. Pèp Ayisyen konnen poukisa li di Lame kaze li kraze nèt. Pwen ba!
Pa gade koze yo an fanatik anti-Aristide sèlman. Reflechi sou valè lame a, kòm enstitisyon Ayisyen epi di mwen èske li pa pi bon pou nou lè bann gwo zam lou sa yo awoutside de pozisyon?
Mwenmenm mwen di: Kraze Lame! Bati Lekòl ak Lopital!
respè,
Jafrikayiti
Reply With Quote
Page generated in 0.22292 seconds with 24 queries