Lòt peyi gen lame pa yo ki sou lobidyans leta peyi yo. Noumenm Lame nou te genyen an se depi "Fort Benning" Ozetazini yo te antrene yo pou yo touye Ayisyen parèy yo sou zòt blan CIA Ozetazini.
Yon lame konsa ki t ap vale 50% bidjè nasyonal yon peyi pa kite anpil kòb pou lekòl bati, pou lopital bati pou leta sèvi pèp.
Sa pa vle di se ekzistans lame ki responsab move fonksyonman leta. Nou tout konnen gen lòt eleman tankou koripsyon ki enplike. Men, sa nou di, si gen yon lame ki olye li itil nou se touye l ap touye nou. Pito se nou ki touye li pou Ayisyen kapab viv plizoumwen.
Oiu gendwa dakò ou gendwa pa dakò. Men chak Ayisyen gen dwa konprann koze a selon eksperyans li. Mwenmenm se nèg Kafoufèy mwen ye, mwen di ABA LAME CIA-FRAPH la!
repo,
Jafrikayiti