Onè Raav,
Ou ekri anpil bagay mwen dakò ak yo men, èske ou remake kijan ou rete lwen kesyon fondamantal mwen soulve osijè Lame a?
Se pa yon kesyon èske li rele Lame, èske li rele Lapolis, èske li gen eleman nuizib ladan li, èske li gen koripsyon?
Tout sistèm militè sou latè gen eleman nuizib, gen koripsyon. Lapolis New-York, Lapolis Los Angeles, Lame Kanada elatriye tout gen eskandal pa yo ki konekte oswa ak dwòg, oswa ak gwoup rasis kraze brize elatriye. Menmjan an tou Lapolis Ayiti a siman gen machann dwòg ladan li. Siman li gen tyoul politisyen ladan li, siman li gen eleman kriminèl ladan li. Siman li gen espyon ladan li! Se poko janm sa ne pwoblèm nan.
Ne pwoblèm nan se lè Lame osnon Lapolis peyi ou, se yon peyi Etranje ki ap manipile li delatètopye, tankou youn yoyo, pou li fè zak briganday kont enterè pèp ou.
Se paske Ayisyen lach anpil sètansi ki fè nou poko janm fè yon leve kanpe kòmsadwa pou rele CIA lajistis pou kantite frè ak sè nou yo ansasinen.
Mwen fenk sot gade yon repòtaj sou lanmò Patrice Lumumba, ke kolon blan Bèlj te mete ak ti nèg Kongo souflantyou pou yo ansasinen nan ane 60 yo. Se menm kalite lame restavèk blan Bèlj yo te itilize a, CIA te itilize pou brake Uzi sou ti moun nan Site Solèy, jenn gason nan Kafoufèy ak Bèlè, Peyizan Obòy elatriye...
Jounen jodi a, Lapolis nou an fin tonbe nan koze trafik dwòg men fòk nou analize koze a nan fen fon li. Pa bliye se ak dwòg blan rasis Ozetazini te elimine mouvman pwogresis "Black Panthers" yo nan ane 60 yo. Dwòg se yon zam blan rasis ap itilize depi lontan pou dechalbore sosyete kote moun nwa ap eseye pran destine yo an men.
Pou nou sove lavi jenn nou yo, fòk gen fanm ki fanm tout bon; gason ki gason tout bon ki deside fè analiz entèlijan epi pran aksyon konsekan pou jenn nou yo pa tonbe nan tanta pou lajan fasil ak dwòg. Men pou sa rive fèt, fòk nou gen yon sosyete ki rekonèt tèt li kòm Ayisyen, ki derefize viv kòm restavèk kolon epi fòk nou gen yon Leta ki lejitim. Jiskaprezan, nou poko rive la nan peyi nou paske analiz yo rete sipèfisyèl.
Aristide ap konsolide pouvwa politik li. Swadizan opozisyon an ap fè tout kalite vye akò ak kolon yo pou destabilize Aristide...Gwo machann kèk moun rele "boujwa" yo pre pou fè tout zak (menm koudeta) pou defann biznis enpòtasyon ak eksplwatasyon malerèz nan faktori petefyèl yo... Men pèsonn pa poze kesyon fondamantal sosyete a?
Lesansyèl osijè kesyon lame a, sèke li ta sipoze kraze legalman ak desizyon Palman. Men, se pa teknikalite sa a, ki preyokipasyon #1 pèp Ayisyen. Lesansyèl se pou fòs represyon kolonyal telegide sa a, pa gen gwo tank aladispozisyon li pou fè koudeta chak de mwa ankò. Fòk popilasyon malere nan peyi a (95% sitwayen yo!) sispann viktim Lame souflantyou a.
Vle pa vle, listwa rekonèt ke Aristide#1 deja fè yon kontribisyon pozitif nan domèn sa a. Kounye a kisa rès politisyen yo ap kontribye...epi ki sa Aristide #2 pral fè anplis...osijè Lame souflantyou sa a?
Pa bliye se pa paske yon bagay pote tit "enstitisyon" li merite prezève. "Esklavaj" te yon enstitisyon tou.
respè,
------------------
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"