View Single Post
  #2    
Old 11-30-01, 11:53 PM
jacoba2307 jacoba2307 is offline
Senior Member
 
Posts: 238
jacoba2307 is on a distinguished road
Post

Zanmi,
Solisyion-yo bon. Mwen ka di-w deja gen bagay konsa kap fèt men gouvenman-an pa ladann.
Pa blie ke se Ayisyen lôtbô dlo ki kenbe peyi-a jodi-a, ki fè nou poko mouri. Chak ane yo voye preske yon milia dola (1,000,000,000.00USD) bay fanmi-yo nan peyi-a. Se sa ki fè pa gen pi gwo misè ak grangou.
Ayisyen lôtbô dlo fè anpil pou peyi-yo. Gen moun ki krè ke si ekonomi peyi-a te ka pi byen ôganize, nou pa ta bezwen okenn èd etranje.
Plis ap gen ayisyen kap voye lajan nan peyi plis fô peyi-a louvri kô li nan globalizasyion avek modènizasyion.
Sel bagay nou bezwen bon jan gouvenman ak administrasyion, bon jan envestisman nan wout, elektrisite, telefôn, sèvis lasante, ledikasyion pou tout ti moun ak pou granmoun tou, pou yo ka aprann metie ak tout kalite bagay ki pou fè la vi yo miyô.
Mesie ki nan pouvwa kounouye-a pa konn sa yap fè. Yo pa kapab mennen peyi-a nan bon direksyion.
Frè mwen, kontinye reflechi nan sans saa. Se sa kap fè peyi-nou vinn bon. Pa pèdi espwa. Ayitiapbon.
Reply With Quote
Page generated in 0.22079 seconds with 24 queries