Onè Marc-Henri vye frè m:
Ou ekri: "En tout cas,je suis très optimiste à
Chaque fois que des penseurs de gauche comme Victor Benoit ou Gerard Pierre?Charles réfléchissent,manifestent pour trouver une alternative politique au parti au pouvoir"
Se domaj mwen pa kapab bat bravo lakontantman vit konsa paske mwen pa wè sou ki baz ou kalifye Benoit ak Pierre Charles kòm "penseurs". Kesyon "de gauche" la menm, sa pa vle di anyen ankò nan kontèks politik modèn nan peyi nou. Epi si mesyedam sa yo te "penseurs" vre, dat sa a, ou pa kwè yon ti limyè ta dwe limen pou yo wè se pa manifeste yo dwe manifeste pou yo kreye yon "altènativ pou Lavalas". Depi kilè manifestasyon (voye monte) te ka ranplase travay di pou bati pati politik ki rele pati politik tout bon vre?



Marc-Henri ekri: "nous ne pouvons que les applaudir et c?est Haiti toute entière qui gagnera". Mon chè mwen kwè ou aplodi twò vit paske mesyedam yo kontinye ak menm apwòch ridikil yo a. Yo pran yon pèsonaj aje yo kontinye ap fè li fè madigra pou imilye ni tèt li, ni pèp Ayisyen. Ki bò yon moun pase ou tande opozisyon nonmen pwòp prezidan 'senbolik' li? Ki kalite maskarad saa? Sa se fòlklò imilyan pou yon nasyon. Se pou mesyedam yo ranmase karaktè yo bati pati politik ki gen nen nan figi yo epi prepare patisipasyon yo nan eleksyon nòmal. Se konsa sèlman yo gen dwa prezante yon altènativ. Si se pa sa, se oswa yo kontinye sou chimen trayizon (CIA, Koudeta elatriye) oswa yo kontinye fè fòlklò...al chita nan fouk G. Bush nan ti dejene restavèk. Se pa sa pèp Ayisyen merite. Li lè li tan pou klas ti-boujwazi Ayisyen an sispann fè tenten devan figi moun. Li lè li tan pou lajan ki depanse pou edike jenn gason sa yo itil pèp Ayisyen kichòy dòyt ke koudeta ak fòlklò.


Lè ou ekri: "Vive la convergence Democratique naturellement! " mwen tou wè se Puffy ou ap satiyèt.
Antouka, mwen ta kontan si mesyedam Convergence yo ta ban mwen rezon valab pou mwen bat bravo lakontantman pou yo. Konsa tou mwen ta kontan si Fanmi Lavalas ta pran pozisyon ki fè mwen bat bravo lakontantman pou yo. Men jiskaprezan, mwen remake ni pouvwa a, ni rebèl yo se jwèt kolon etranje yo ke y ap jwe.
Pou mwen ta bat bravo lakontantman, fòk Prezidan Aristide ta pran responsablite li epi deklare tout negosiyasyon kaba. Di OEA mèsi e orevwa epi envite Convergence lan pou li konpòte li an opozisyon legal, nòmal nan peyi a. Sa vle di itilize libète li kòmilfo pou li òganize li epi patisipe nan lavi politik peyi a. Kolabore lè sa fè afè li, pa kolabore lè sa pa fè afè li, kritike jan li pi pito, fè konpetisyon ak nenpòt pati politik epi mennen kanpay elektoral kòmsadwa.
Èske nou gen yon kalite politisyen rezonab epi patriyotik konsa ?
Tankou defen grann mwen ta di: pòv vèv! Puffy menm ta di...Pòv Ayiti.
Jaf