E oumenm Kakakòk, nan ki ekip ou ap jwe?
Èske ou chita nan graden, nan tribin jeneral, osnon nan kare diplomatik? - epi, bò kote kilès ou chita, yon Ayisyen osnon yon anbasadè?
Konsèy ou yo, èske se konsèy yon fanatik osnon se gagari yon advèsè k ap eseye entimide ekip nasyonal la? Fè li pè pou li ka pran gòl nan dezyèm mitan match la?
E si ou te mal konprann bagay yo nèt al kole Kakakòk. E si Titid sete yon senp jwè sou teren an, yon kapitèn ekip. E si ekip w ap bay konsèy la, san ou pa konprann sa, se ekip pa ou li ye tou?
E si sete yon match Ayiti F.C. kont Kolon F.C.?
Mezanmi, pou di lè a pa rive pou nou sispann bay tèt nou gòl?