Mon che Jafrikayiti,
Jodia se fet drapo ak inivesite se nan non de vye kanmarad ki te tombe pou etabli demokrasi, yon etat ki chita sou la lwa , yon leta lavalas djanm nan peyi a ke map ba ou ti repons sa yo.....
C'est a ce niveau la meme que j'aime les debats.
A ta question " oumenm kakakok nan ki ekip ou ap jwe "?
Nan istwa lit amerik latine nan diran 20 denye ane sa yo nou aprann TI NEG KA PRAN POUVWA TOUT JAN MEN OU PA KAPAB KENBE POUVWA TOUT JAN. TI NEG KAPAB FE TOUT KALITE MAGOUY AK KONBIM MEN SE POU REGLE KI BAGAY ?
A kote de la gonav, kote yo di genyen yon gwo baron ki monte yon gwo ekip futbol,ki bati yon stad, ki sa ou tande anko.
Pou mezi gwo lajan kap sikile andedan peyi sa .Ti mal nou tout fe tout koule konbinnpou regle zafe pesonel yo. Le yo te genyen visa yon ti grip yo miami.
Mon che ja... map jwe nan menm ekip avek ou. MEN SE SOU KONDISYON . Nan ane 80 yo neg te kwe nan tonton nwel. Neg te jwe san kondisyon nan seleksyon A .Sete ak zonk nou nou tap goumen kont dikati ,milite bout di ak politisyen dokale .Neg seleksyone plisye fwa ,neg pote kole nan ekip nasyonal ke se federasyon etidyan ayisyen, nan CNEH, Nan komite katye, nan Pastoral des jeunes.Lo sa nou te kwe e nou pwet pou bay tout bagay pou lit sa. vi nou ,sakrifye lane etid nou elatrye. Se te la bel epok pe Adrien, kenel , K-plim , Jean M Vincent elatrye . Nou kwe yon nom tankou TITID te kapab Kapiten ekip sa-a .


Si yon seleksyon nasyonal san moun pa, si se pa yon ti klik map jwe kote nwen te toujou jwe a. Vye fwe, si yon ekip la fanmi kap jwe ak chango. mwen pap antre nan marasa.Pou afe chita akote anbasade a nou tou de feli san desans. Nou toude peye lobiyis . Ou ta vle fe kwe mwen se konvejans, si sete nan tan lontan ou ta pito rele mwen komilis. Mesi bondie .se vre mwen se yon pro konvejans , paske yo ta vle montre yap konbat move aksyon Titid yo.Ke mwen ak tout lot ansyen zanmi konstate. Zanmi tankou pe FREUD, Dejan, samedi, pe Smart elatrye.
Ou panse yo neg tankou mwen tap alez a kote Deronceray, Avril, Renold Georges.
Vye fwe mwen serye di mwen koman ou fe a kote Fourel , Bazin bayrd Vincent et lot gwo kraze grenn yo .Mwen vle konnen koman pou mwen fe ak Lawon mwen koman ou fe ak Dinozo ou yo....
Vye fwe nan non la pat mwen di ou kembe pa lage..
se pa kakakok.....