Onè Kakakòk,
Mwen te kwè lè ou ekri : "Avril se yon jal ki lib legaleman ,li nan prizon TITIDEMAN E LAVALASEMAN" sa te vle di Avril pa ta dwe nan prizon. Kidonk, li merite libere. Mwen admèt se mwenmenm ki fè ekstrapolasyon. Kidonk, eskize m. Mèzalò, menmjan m ap mande ou pou ou pa konfonn pozisyon m ak pozisyon pouvwa Lavalas la ke mwen rekonèt kòm pouvwa legal peyi d Ayiti, mwen kwè nou pa dwe konfonn pozisyon Kakakòk ak pozisyon mesyedam Konvèjans yo ki derefize rekonèt ke Fanmi Lavalas genyen eleksyon yo sou yo epi opouvwa lejitimman.
Eske se pa vre mesyedam Konvèjans yo mande pou yo lage Jal Avril? Eske yo pat menm mande pou yo lage li anvan yo rekòmanse negosye ?
Kòm mwen fin prezante ou eskiz kòmsadwa, m ap tann repons ou sou lòt pwen yo Kakakòk.
Jaf