View Single Post
  #3    
Old 05-24-02, 08:27 PM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Onè Cyrano,
«Mezanmi nou pa bizwen anpil lajan pousa, jis bati pi plis prison!! »
Mwen dakò ak ou Cyrano, nou pa bezwen anpil lajan pou sa, nou bezwen plis prizon...MEN !
Men, nou bezwen plis pase anpil prizon. Paske, fòk nou pa konfonn lapè nan lajistis epi lapè nan lapèrèz.
Lè yon moun bat bravo lakontantman pou Rudolf Guliani ki aplike tolerans zewo nan New-York, epi li pa analize nan ki kondisyon moun ap tonbe nan prizon NY. Kijan lapolis ap deboundare malere ki pa gen menm koulè po ak Rudolf. Kijan, yon pousantay jenn gason nwa ap deperi nan prizon pou krim ki pipiti lontan pase krim yon dividal blan konsomatè dwòg ap komèt. Diferans kondanasyon ant moun ki konsome Kokayin, Ewoyin ak jenn nwa yo arete ak yon ti jwen mariwana nan men li elatriye.... si ou pa fè kalkil sa yo, se nòmal ou ka rele viv Guliani... Men vye frè pou di se kalte lapè sa ki ta dwe tout limit imajinasyon nou pou Ayiti?
Mwenmenm mwen kwè nou kapab fè pi byen pase sa. Pi byen lontan. Poukisa? Paske peyi d Ayiti se pa yon peyi kote dwòg gen tan ravaje tout katye pòv yo. Ayiti vyèj toujou. Wi, konparativman a anpil lòt peyi Ayiti vyèj toujou.
Zam ki gaye nan Site Solèy, nan Fò Mèkredi elatriye, se zam ki distribye lòtrejou la a, nan epòk FRAPH. Sa vle di se kichòy ki reparab jiskaprezan, si leta Ayisyen pran dispozisyon pou sa. Se sèten se pa yon bagay ki fasil. Men, li posib.
Wi, fòk gen prizon ladan l. Men, fòk gen plis pase sa. Fòk gen lekòl tou ladan l. Ou di pou kisa lekòl? Imajine ou si ou te gen kèk bon lekòl pwofesyonèl ki pèmèt yon jenn ti Ayisyen defann lavi li onorableman, poudi gang pa ta jwenn plis konpetisyon?
Fòk gen altènativ pou ti moun k ap trennen nan lamizè sou channmas.
Vye frè mwen yo, mwen viv eksperyans yon jounen 24 desanm 1995 nan fon kè Site Solèy. Mwen kapab di nou, daprè sa mwen wè ak de je mwen, se pa bèt sovaj k ap viv nan Site a. Anndan Site sa a gen Ayisyen jeni ekstraòdinè, moun de byen, moun karaktè, moun ki moun nan tout nanm yo ... ki sètoblije ap viv nan labou, nan dlo santi, nan pwostitisyon, nan bouch lanmò....
Keseswa jan moun sa yo kapab ekstraòdinè, keseswa kantite kouraj yo ka genyen, keseswa fòs karaktè yo....si yo pase twò lontan nan mizè inakseptab sa a....kanmenm fòk gen pitit yo ki tounen zengledo, ki tounen vòlè, ki tounen danje paske yo pa wè limyè lespwa, yo debousole, yo dekonstonbre, paske noumenm Ayisyen privilejye yo, nou vire do ba yo...
Alòs, mwen dakò pou nou bati plis prizon. Men, prizon nan peyi nou pa sètoblije fonksyone menm jan ak prizon peyi blan meriken. Moun sa yo se yon lòt kalite moun ki gen yon lòt kilti, lòt valè. Noumenm se Ayisyen nou ye. Yomenm yo gen pèndemò lakay yo. Se chwa pa yo. Men noumenm, se pa konsa nou te chwazi bati sosyete nou an e mwen pa kache de di ou mwen pi pito l konsa. Mèzalò, poukisa nou pa ka bati prizon ki pou transfòme prizonye yo an manm itil pou yon sosyete?
Pou kisa nou pa ka enplike prizonye nan gran pwojè konstrisyon tankou wout, lopital, dispansè....
Poukisa nou pa ka konsevwa aranjman sosyete nou an, sou baz lespri pa nou, valè pa nou.
Ou kwè Ayisyen vyolan Cyrano?
Mwen pa kwè sa.
Imajine mizè ki egziste nan peyi nou, ou ta transpòte sa nan lavil NY pandan 1 semenn, mwen pa p ba ou plis...epi ?
Adye mezanmi, ala fè nou ta fè si nou te koumanse gade tèt nou ak je pa nou olye de vye linèt kwochi zòt bannou pou nou gade?
Zewo Tolerans se yon bon bagay...si epi sèlman si noumenm Ayisyen nou fè li travay pou nou, selon pwòp valè nou kòm pèp.
Viv lavi! aba lanmò !
respè,
__________________
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com
Reply With Quote
Page generated in 0.27318 seconds with 24 queries