Onè Cyrano,
«epi men-si mwen konpran-n pouki gen zenglendo mwen pap janm dako ak yo ni bayo la men konpreensyon le yo rale zam sou mwen.»
Mwen dakò ak ou 100%. E mwen pa vle di tout Zenglendo, se sikonstans delavi ki mennen yo la. Nou tout konnen lè fenomèn Zenglendo a te fenk koumanse ap pale, se pa ni youn ni de elèv lekòl kongregasyonis yo pa bare ap fè zenglendo.
Mèzalò, fòk yon sosyete òganize li pou li balanse selon valè moral ki charye anndan nanm li.
Kanta pou slogan zewo tolerans lan, mwen kwè gen yon dividal lòt bagay ki fè nou gen dwa wè moun ap rele anmwey lè yo tande li nan bouch Preizidan Aristide tandiske yo twouve sa nòmal lè se Prezidan Chirac osnon yon lòt chèf Leta. E an menm tan, mwen rete kwè Prezidan peyi a fè kèk diskou ki pa byen reflechi sou domèn sa a. Men, èske se pa yon kesyon pèsepsyon paske n ap analize koze yo andeyò «anviwonman» ak «kontèks» yo.
Mesyedam, nou tout wè kisa nou ta fè, kisa nou ta di. Men, si gouvène peyi d Ayiti te fasil konsa, pou di nou pa ta lwen deja ?
Mwen teke fren m pou aswè a epi mwen tire lareverans,
Respè,