Ok Relax!!!!
Haiti pa chwal PaPa, desann sou do'l
Haiti Pa pitimi san gado, pa touche pli'm sou do'l
Haiti pa fig mi, pa vin'n fe dan'w sou ko'l
Haiti pa pou diaspora, sispan fe pwoje sou do'l
Haiti pa pou Lavalas, asse dechepiye'l
Haiti pa pou machan'n poud, ba'l youn ti chans
Haiti pa pou makout, sispan'n fe pwoje makiavelik sou do'l
Haiti pa pou ni chime ni man'm frap, sispan'n fe yo pale'l ma'l
Haiti pa pou okinn kkkok ki kache nan miyamy ap tan'n le sa bon
Haiti se pou tou't aysyen ki decide goumin pou lakay ka bon
Si'w kache nan diaspora ap pare dan'w pou'w al mange le'w jouin youn ti jouin, Haiti pa pou ou
Si'w panse ke pale france selman ka fe yo pwan'w pou ti konnin epi fe pe'p la rele AVI, Haiti pa bezouin'w
Si'w panse ke se se'l ou ki bon, Haiti pa bezouin'w
Si'w panse ke se selman 2 koule ki ginyin, blan ou nwa, Haiti pa bezouin'w
Si'w pa ginyin intere'w lan Haiti, Haiti pa bezouin'w
Si'w green kat ou nan bouda'w, Haiti pa bezouin'w
Si'w ginyin youn lo't paspo, Haiti pa bezouin'w
RASSANBLE
RASSANBLE
Haiti nan pwople'm
Haiti bezouin piti't li yo ki one't pou vin'n pote'l sekou
ViV Haiti
Sel Haiti AVI
FRAPH pa't AVI
Chime pa AVI
Jan Claudist pa't AVI
Lavalas Pa AVI
ABA Lignorans
VIV La Konesans
ABA Arrogans
VIV Humilite
VIV HAITI
VIV HAITI
VIV HAITI
VIV HAITI