Onè respè tout moun.
Mwen panse kesyon larelijyon ak la politik nan peyi dayiti se yon kesyon ki enpòtan paske la relijyon ak la politik nan venn ak nan preokipasyon majorite ayisyen pou m pa di tout ayisyen.
Men mwen remake tout moun kite sijè a pou yo vide sou Vodou. Kòm si pi gwo pwoblèm relijyon ki genyen Ayiti gen rapò ak Vodou. Kòm si se Vodou ki fè plis pwoblèm nan zafè politik nan peyi Dayiti. Jan anpil nan nou la abòde sijè a konvenk mwen nou gen yon mantalite relijye, nou renmen mistè. Paske vodou a nan klandestinite, nou pa pran li pou youn nan relijyon Ayiti yo yo men nou wè li se "la religion" swa pou nou kore li oswa pou nou konbat li. Mwen ta renmen nou reli premye mesaj la. Mwen pa gen anpil tan semenn sa. Men nou mèt atann nou deba a pral koumanse.
Kèk remak:
Pou Bon Paolo:
Repons mwen yo pare pou ou. sèlman mwen bezwen yon ti tan pou kounye a. M wè se sou polemik ou ye. En ben note sa: mwen bay le gen nan diskisyon lè moun ki ap diskite avèk mwen an ban mwen agiman ki solid. Men nan polemik mwen pa kwè se mwen ki pral kite ba ou.
Pou Cyrano:
Ou sou diskite. men fòk nou chita yon baz diskisyon. An nou pratike la demokrasi nou ap pale tou tan nan bouch la. Demokrasi a se pa sèlman yon rejim politik: se yon fason de viv e de pale. An nou etabli yon kad ki pèmèt nou diskite. Mwen fè premye pa. li mesaj ki vini apre a. Si ou pa dakò ak sa mwen di yo, fè koreksyon. Se la diskisyon ka koumanse.
Pou Jan
mwen kontan entèvansyon ou la; Nou gen pou nou retounen andetay sou aspè ou abòde yo. Mwen atann mwen diskisyon pral bèl.
Mwen pwopoze nou yon baz refleksyon. Se yon ti listwa la relijyon nan peyi nou ki pral kolòn vètebral pawòl nou pral di yo. Pou nou pa pèdi tan nou pale anlè. Nou gen yon baz de referans komin.
Bonne lecture.