View Single Post
  #10 (permalink)    
Old 06-04-02, 06:23 PM
Erzuly's Avatar
Erzuly Erzuly is offline
Member
 
Posts: 40
Erzuly is on a distinguished road
Ti listwa senplifye la relijyon nan peyi Dayiti
§ --- 1492 : Premye abitan Ayiti yo kwè chak bagay nan la nati (solèy, pye bwa, dlo) gen yon nanm e yo adore bagay sa yo. Kolonisatè yo meprize relijyon sila ki pròch kèk kwayans nan Lafrik. Yo rele li « animisme ». (Panyòl rele premye abitan sa yo « Indiens » men se yon gwo manman penba erè : se paske navigatè yo te panse yo te jwenn yon wout oksidan ki menen an Inde, yon peyi ki jewografikman sitiye nan zòn Oryan kote solèy leve. Se pou sa mwen pa itilize mo « Indien » an. ).
§ 400 ? 1500 : Arab misilman anvayi kontinan afriken an. Yo enpoze Islam. Yo pratike la Trèt nèg nwè soti nan dezè Sahara rive nan peyi mizilman yo jouk nan peninsule iberique la (Espay; Pòtigal) kote yo vann nèg. Se Arab mizilman ki fè Eropéen konnen gen nèg sou kontinan afriken an paske yo te vann nèg sa yo kòm esklav an echanj prizonye kwazad. Sou koze Islam nan, gen moun ki panse relijyon sa te jwe yon wòl nan seremoni bwa Kayiman. Ipotèz yo baze sou le fèt ke Boukman se te yon Imam ( prèt mizilman) afriken ki te rete nan bwa a. Kidonk lè moun yo di Bwa Kayiman nou pa ta dwe wè bèt yo rele Kayiman an (pa gen bèt sa nan zòn nan) men yon pawòl defòme ki te alorijin ?bwa kay Imam?. Se yon ipotèz ki ta dwe verifye.
§ 1492 : premye kolon an mete pye sou tè Dayiti. E li pote non li : Kristòf Kolon. Li di li decouvri Ayiti. Men dapre Jesifra, Ayiti pa te gen okinn dra sou li. Li pa wè pou ki sa yo dekouvri li.
§ 1503 : premye kagezon machandiz nèg rive nan Amerik la. Ofisyèlman, esklav nèg yo pa gen dwa rele zansèt yo, envoke nanm kominote yo, fòs relijyon yo, fòs sinatirèl yo kwè nan yo. Se admistrasyon kolonyal franse ki gen dwa di yo ki (Bon) Dye pou yo adore. Si sèlman Dye sa yo fè yo adore a te Bon pou yo vre ! Li t?ap retire yo nan esklavaj menm jan ak pèp li eli yo.
§ 1685 : Louis 14 yo rele « le roi soleil » (pour les blancs français) fè pibliye yon kòd tenèb « le Code Noir » (pour les Nègres africains). Kòk sila se baz moral ak legal pratik kolonial ek esklavajis yo jouk lane 1804 nan sen Doming, jouk lane 1848 nan Matinik, Giyàn ak Lagwadloup. Kèk atik enpòtan sou la relijyon:
o Atik 1: « enjoignons à tous nos officiers de chasser hors de nos îles les juifs qui y ont établi leurs résidence ». Men fout tonè ! Kisa « juif » (ak la Thora) te vin fè la ? Alò ki fè se pa sèl Arab mizilman (ak le Coran) an Afrik epi kretyen eropeen (ak la Bible) ki te pase sou fyèl nou ?
o Atik 2 : « tous les esclaves qui seront dans nos îles seront baptisés et instruits dans la religion catholique apostolique et romaine. Enjoignons à ceux qui achètent les nègres d?en avertir les gouverneurs et intendants à leur arrivée ». Kòmantè a nan tèks la.
o Atik 3 : « interdisons tout exercice public d?autre religion que la religion apostolique et romaine ». Relijyon catolik pwoklame relijyon ofisyèl esclavaj ak kolonizasyon. Menm relijyon sila pral tounen reijyon ofisyèl repiblik Dayiti jouk lane 2002. Ala koze papa !
o Atik 5 : « défendons à nos sujets de la religion prétendue réformée d?apporter aucun trouble ni empêchement à nos autres sujets, même à leurs esclaves, dans le libre exercice de la religion catholique, apostolique et romaine à peine de punition exemplaire ». Si se te nan lane 1917 li te fè kòd sila, Louis 14 pa t?ap gen bouch pou di sa li di la a. Men 1685, se kontèks lagè ant protestan ak katolik nan Ewòp. Se pou sa gen prekosyon ki pran : 7 mwa avan li pibliye Kòd Nwa a , Louis anile avantaj protestan te ka gen nan wayòm li. Nan langaj franse yo rele desizyon sila « la revocation de l?Edit de Nantes ». Pwotestan pa sou moun ankò e konfli a repòte nan koloni yo.
§ 1791 : Seremoni Vodou Bwa Kayiman ki vin bay Lendepandans Dayiti. Chenn lesklavaj kase. Premye revolisyon esklav nan le mond reyisi.
§ 1860: Legliz katolik pa asepte defèt Boukman enflije li a. Le « Saint Siège » siyen ak prezidan Dayiti a yon bagay ki rele « le Concordat » ki pwoclame relijyon catolik apostolik e romèn lan « la religion officielle de la République d?Haïti ».
§ 1917 : Ewòp trò lwen. ?l?Amérique aux Américains?. Lokipasyon amerikèn (1915 ? 1934) akouche yon pitit ki rele « protestantisme ». Nan lane 1917, 5% popilasyon nou an te pwotestan. Nan lane 1972, yo te 15,3%. An 1997, yo vin 28, 7%. Kounye a yo ka preske 30%. Relijyon sa ap vale téren. Yo rele sa gwo pwogrè.
§ 1939 ? 1942 : Ameriken pati. Se yon kou le « Saint Siège » te ba yo fè. Koubye a li repran mayèt la pou li montre prezans li ak fòs li. Pandan okipasyon, vodouizan yo melanje rit vaudou ak rit katolik. Leglik katolik lanse yon « campagne anti-superstitieuse » dèyè vaudou : « il faut restaurer la pureté originelle de la foi catholique ». Kaporal ake Pè pati nan kwazad kont vodou yo akize de sòsèlri ak senkretism. Se 2ème pwoklamasyon relijyon katolik kòm « religion officielle de la nation haïtienne ».
§ 1957 : François Duvalier pran pouvwa. Li fè yo òdone nèg nwè Monseyè nan legliz katolik epi li glorifye tèt li deske li « negrifier la hiérarchie de l?Eglise ». Li idantifye vaudou ak « negritude » la, yon mouvman kap chache rasin nèg nwè yo te volè. Men deriv li yo (itilize imaginè vaudou pou touye opozan) vin degrade relijyon vaudou a. Ki fè nou te wè lè dechoukay 1986 yo, popilasyon an konfonn Tonton makout ak vodouyizan. Rezilta : Pè lebren pou houngan.
§ 1980 : Divalye ale trò lwen. Legliz katolik vle divòse ak diktati. Anndan legliz vin tounen kote nèg ka chita pou Kritike diktati. Sa vin ba ou TKL ak Ti Pè a.
§ 1986 : Baboukèt la tonbe. Ann pale. Men kisa nou pral di ?
§ 1988 : Makout nan dèyè Ti pè a nan St Jean Bosco. Tèt Legliz te pale li pou li pa mele nan politik. Diktati fin tonbe, nan ki politik ou al foure kò ou ? Yo pa avèk li ankò. Yo voye dosye li nan Saint Siège.
§ 1990 : Titid prezidan. Anpil espwa . Tout moun kontan. Men ki sa li reprezante ? Aspirasyon politik ou aspirasyon relijyon ? Gen yon tan, tou lè de te fè youn. Men pou di 2 aspirasyon sa yo mache men nan lamen ankò ?
§ 1991 : Kou Deta Cedras. Popilasyon an azp chache refijye nan legliz ak nan lapriyè. Mouvaman karismatik nan legliz katolik fin anraje, mouvaman pwotestan fin pran chenn, mouvman rasin ap revandike vaudou. Ki donk la relijyon tonbe de pye nan politik .
§ 1994 ? 2002 : Ze a rantre nan vant poul la. Kounye a se pou poul la kouve epi fè ze yo kale pou tout moun wè ti poul yo. Kiyès kap matwòn lan ? Legliz, ONG, Ameriken, eropeen, politik entènasynal, pati politik, pèp la? Tout moun vle poul la kale. Men kote bon ?fanm saj? yo?
Reply With Quote