"Brain over - coin over ? "
Just wondering outloud Spoonie :-)
But seriously brother, what the hell are you talking about ??
«le pli souvan se moun lwen nan môn yo ki pratike lobey sa» !!!!
Ou gen lè pa tèm?
Epi tou, moun ou rele moun ki «lwen nan mòn yo», se parapò a kisa ou konsidere yo lwen an? Ant oumenm kote ou ye a epi yomenm kote yo ye a, kilès ki pi lwen - parapò a keseswa sa ou itilize kòm pwen repè ou la?


Monchè, mwen pa kache de di ou ke se kaltè kòmantè sa yo ki mete nou kote ye jounen jodi a. Ki lè n ap reveye pou nou remake kijan yon bann moun sipèstisye ki kwè nan yon ekstraterès (100% Moun, 100% Bondye, 3 pèsonaj nan youn, pitit yon vyèj ki rete vyèj menm apre li fin fè li....) ki te vini sou latè fè san li koule pou moun te ka bwè san li dekwa pou yo ka gen lavi etènèl....ak lòt kalite sipèstisyon tèt anba tankou yon nonm ki rele Jozye ki priye yon gwo Lwa nan syèl ki ede l kenbe solèy la anplas pou li te ka masakre yon makòn moun ki te gen tè ke li te bezwen vòlò nan men yo...ak tout kalite lòt sipèstisyon tèt bòbèch konsa...Wi, yon makòn kretyen sipèstisye ap vin fè Ayisyen rayi pwòp tèt yo, fè Ayisyen kwè se yon pèp «maudit» ke li ye, fè Ayisyen kwè tout kalite vye prejije rasis ke sipèstisyon kolon yo genyen nan kòtòf li. Epi ou ap pale mwen de moun «lwen nan mòn» k ap pratike lòbèy?
Nan peyi d Ayiti, ki lòbèy ki pi lòbèy ke sipèstisyon kretyen yo ?
Wi, gen inyorans nan mitan Vodouyizan, menm jan gen inyorans nan mitan Kretyen, menm jan gen inyorans nan mitan moun ki pa pratike okenn relijyon. Sa se yon bagay natirèl li ye. Lakonesans limanite ap akimile se detanzantan chak moun ranmanse ti mòso ladan li. Nou chak gen inyorans pa nou. Paske pyès moun pa konn tout bagay osijè de tout bagay. Se konsa, gen Ayisyen ki kontinye mete manje nan kwi swadizan pou yo bay lwa manje. Daprè mwenmenm, se yon gaspiyay manje sa ye. Men, si mwen ta gen awogans pou mwen rele yon pratik konsa inyoryans, fòk mwen ta gen menm awogans sa a pou mwen rele kritike gaspiyaj voum lajan Ayisyen ap lage nan kès legliz kolon yo chak dimanch maten, epi voum lajan ki gaspiye nan fè losti ki swadizan reprezante kò yon mò Palestinyen k ap bay limanite lavi etènèl.


Alòs, si nou chwazi respekte dwa Kretyen an pou li pran ti losti li litlit, fòk nou respekte dwa Vodouyizan an tou pou li prepare ti manje lwa li litlit. Se yon kesyon respè pou kwayans pèsonèl. E mwenmenm mwen dakò pou mwen respekte dwa ni Kretyen, ni Vodouyizan ki vle pratike relijyon yo. Epi yomenm tou, mwen espere y ap kite mwen pratike kwayans mwen nan yon Bondye ki san relijyon.


Mèzalò, si nou pran pale osijè krim Bòkò komèt nan non Vodou. Sa se yon lòt pèdemanch. La a mwen dakò tèt kale se pou lajistis poze lapat sou tout kriminèl yo bare ap itilize poud pou touye moun. Sa pa gen anyen arevwa ak kwayans pèsonèl osnon relijyon yon moun. Lè yon moun mouri pwazonnen, se devwa lajistis pou li defann dwa moun sa a te genyen pou li viv. Konsa tou, si se yon pè ki fè kadejak sou yon jenn ti moun fòk lajistis klete sa k twòp pou li a epi lage kadejakè kriminèl la nan prizon. Si se yon pastè k ap fè fo seyans gerizon pou vòlò lajan pòv malerèz, se pou lapolis fè ankèt epi poze men nan kòlèt vòlè kravate a epi jete sa nan prizon. Tout zak kriminèl sa yo pa gen arevwa ni ak Vodou, ni ak Katolik, ni ak Pwotestan. Menmsi, moun ki ka komèt zak sa yo kapab gen plis chans pou yo genyen tèl osnon tèl kwayans relijye.


Eskize m wi vye frè si mwen rantre dirèk dirèk nan koze a konsa epi li parèt se oumenm m ap kritike. Se pa oumenm m ap kritike, se sa ou ekri a m ap kritike. Paske, kòm pitit pitit peyizan, mwen toujou vekse lè mwen tande moun lavil ap lage tout kalite move vèni sou do moun k ap viv nan fon kè peyi a (sa ou rele «lwen nan mòn yo» - gen zòt ki rele yo «moun andeyò») kòmkwa se kwayans yo nan relijyon Vodou ki lakòz tout kalite kalamite nan peyi nou.
Malerezman jiskaprezan mwen poko jwenn yon moun ki devlope yon metòd òganizasyonèl ki pou ta pèmèt pèp Ayisyen mete Vodou a osèvis lanasyon (pètèt Manzè Zili pral fè sa pou nou ????) - Men, annatandan, si mwen gade nan 2 relijyon k ap boloze nan peyi d Ayiti yo, se pa Vodou mwen ta bay responsab majorite malsite ki fèt nan peyi nou nan non relijyon. Ni non plis, se pa moun k ap viv nan fon kè peyi a ke mwen ka bay responsab majorite malsite sosyo-politiko-ekonomik k ap kokobe pèp Ayisyen jouk jounen jodi a.
Pito nou gade nan direksyon grann Katredal, si se sous lòbèy ki rasinen nan relijyon ke n ap chèche detere.
respè,