View Single Post
  #19    
Old 06-05-02, 07:50 PM
JAN JAN is offline
Senior Member
 
Posts: 213
JAN is on a distinguished road
//Lè ma monte chwal mwen ,gen moun ka kriye//
Cyrano,eske se yon chante vodou sa ye vreman?
Fòk nou ta kon orijin chante ,tankou chante sa a,pou nou ta konnen si se chante vodou li ye vre.
Nan kesyon voye pwent lan,mwen kwè bagay sa a sòti nan listwa nou menm.Esklav yo te toujou ap devlope yon jan pou yo pale ,de fason pou mèt yo pa konprann sa y ap di an.E bagay sa a,yo te fè l patou,keseswa Ayiti, Kiba ,Brezil Etazini elatriye.
Pou m ajoute yon ti bagay sou sa Jaf te di an:Se pou yon moun gendwa sèvi bondye san relijyon,ti ralonj m ap mete se ke yon moun gen dwa pa kwè nan bondye tou.
Mwenmenm se nan evolisyon mwen kwè,mwen pa konnen si gen yon bondye ou si pa genyen.Mwen se yon agnostik.
Reply With Quote
Page generated in 0.24537 seconds with 24 queries