De ti mo pou SPOONIE ak JOSIANA
Mwen louvri bram byen gran pou akeyi nou sou fowòm nan. Tout moun ka pale. Men mwen ta renmen lè nou ap pale nou gen yon bagay pou nou di. Forum nan pale de relijyon ak politik. pou nou problem relijyon se problem vodou. Dakò. Men pale byen.
Ok. Nou di Vodou se malfezan, se bagay moun nan mòn rekile ki nan fè nwa. Nou konn moun lougawou vodou manje. Nou tande vye pawòl ki soti nan bouch lougawou. Se sa nou kwè ou byen se sa yo di nou. Eske nou te verifye? M kwè tout entèvenan yo ta renmen konenen plis.
SPOONIE sanble verifye de prè li menm paske li di li konn tande vye pawòl ki soti nan bouch lougawou. E dapre sam kwè, yon moun ki pa travay sosyete "lougawou" pa ka tande pawòl ki sot nan bouch yon lòt "lougawou". Ki donk SPOONIE konn zafè "Lougawou "a pase nou tout. An nou kite li esplike nou kouman moun sa yo fè mechanste li di yo. Jwèt pou ou SPOONIE.
M ta renmen JOSIANA li menm banm kèk ti detay sou senptòm yon moun ki mouri sibit e se vodou ki manje li. Ou gen egzanp kouzen ou yo. Mwen kwè se pa di yo te di ou. Se bagay ou wè ak de je ou. Yon ti lostyè nan sa ou konnen souple.
Nou banm enpresyon nou konnen fen e byen tout eleman ki fè kilti peyi nou. Nou sanble ka pale yon moun ki pa konn AYITI de espesyalite AYITI. M ka konprann sa paske nou ki wè limyè nou pi eklere pase moun andeyò lwen ki nan fè nwa yo. Men mwen ta renmen konen nan eklere nou an ki limyè ki klere nou. Eske se yon limyè reyon li pap janm rive klere vye moun sa yo ak vye bagay sa yo ki gan rapò ak vodou fènwa a?
Mwen espere limyè nou pral pote pou ayisyen ki ap diskite la yo e ki pa gen menm opinyon ak nou pral aprann yo anpil bagay.
Kanta mwen m'ap tann repons nou yo pou mwen sispann kache inyorans mwen genyen de kilti pwòp pèp mwen dèyè rebobinaj vye kasèt stereotip ki prezante AYISYEN tankou yon pèp SATAN.
M panse nou pral akonpli travay pataj sa a "Au nom de Dieu".
Par contre si après les détails que vous, les inspirés du "Saint-Esprit" m'apporteront sur le Vodou, je ne vous crois pas encore, ne me prenez pas, je vous prie, pour un simple d'esprit. Je veux seulement pour l'instant etre sain d'esprit.