View Single Post
  #24    
Old 06-06-02, 12:22 AM
JAN JAN is offline
Senior Member
 
Posts: 213
JAN is on a distinguished road
Mwen konnen tankou pwovèb ameriken di l "Se yon chwal ki deja mouri ke m ap bat" ,mwen ta renmen mande Spoonie ak lòt yo ,sa lougarou ,zonbi,poud elatriye genyen pou l wè ak vodou.
Kòm mwen te di anvan ,lougarou (loup garou) ,se yon lejand blan franse yo pote an Ayiti.
Zafè zonbi an ,se yon pwazon ke de moun "malfektè" ,bay yon lòt moun pou l paralize tanporèrman .
Te gen yon nèg Inivèsite Harvard,ki te fè yon etid sou sa.Pwazon sa a yo prann nan yon pwason yo rele "Puffer fish".Donk pa gen anyen ki misterye nan bagay sa a.
Mwen gendwa ba w lòt egzanp sou moun k ap voye poud yo ,elatriye.
Spoonie monchè,vodou se yon bèl relijyon.Mwen te gen dout sou relijyon sa a tou ,e kiryezman se syantifik etranje ki fè m apresye relijyon an.
Mwen sonje sa ka 15 ou 20 an de sa(mwen pa fin sonje).mwen te li yon gwo repòtaj yon sosyològ New York University, sou yon mambo nan Brooklyn ak moun ki frekante tanp li a (honfò).
Mamzèl te pibliye atik la ,nan New York Magazine.
Mwen sonje li te di ke l pa janm wè yon relijyon konsa ,kote youn ap ede lòt ,moun ap danse,moun jwaye(happy).
Apre mamzèl fin ekri atik la,li te fè l kanzo.Mwen sonje tou li te nan show Geraldo Rivera (televizyon),e lè yon moun te ap debite kliche sou vodou yo,mamzèl te fèmen bouch yo ,pou l di yo se yon bann iyoran.
Mwen t ale tou nan yon konferans Dr Corbett t ap bay.Se yon blan ameriken.Misye te ouvè je m sou anpil bagay mwen pa t konnen sou relijyon an.Sa fè m gen plis respè pou li.
Se sa k fè Spoonie anvan w emèt opinyon y sou yon bagay,aprann konnen l.
Reply With Quote
Page generated in 0.21649 seconds with 24 queries