View Single Post
  #31    
Old 06-07-02, 12:36 PM
Cyrano's Avatar
Cyrano Cyrano is offline
Member
 
Posts: 71
Cyrano is on a distinguished road
1-fidélité e enfidelite anvè lwa yo (pinisyon)?
2-fidélité e enfidelite anvè yon sèl bondié (pinisyon)?
Genyen yon bel diskisyon ke mwen jwen sou web la nan suiv Jaf avek Zili nan koze prase lide.
Alôs mwen te swete prezante yon men-m sijè refleksyon e prokipasyon mwen pa bô-isit tou.
Pétèt mwen ta dwe fè-li yon fowôm apa? men li pa trô elwayé si jè zili-a.
-------------------------------------------
kesyon sou pwen #1 an : pinisyon yon lwa ka bay chwal li pou enfidélité, mankman a sèvis, jou ki konsakré pou fe seks ak moun ou ak yon "entité" (lwa,espri, Ezili, etc.
Premieman, mwen ta renmen gen plis detay sou verite ki gen nan sa?
deziemman, si se vre, eske se pa yon atint a "la liberté individuelle que de devoir assumer malgré soi (des fois) les héritages d'un parent"
Mesi Zili ou tout lôt moun ki ka répon-n mwen!!!
-------------------------------------------
kesyon sou pwen #2 an : Relijion yon sel bondié yo (krisyanis, mizilman, e latrié) gen tou yon sôt de pinisyon (souvan etenel) pou moun ki pat gen chans konnen ou ki pat vle kwe ke se teljan bondié a yé.
e si tout zak te mache ak tout pinisyon li ou ak tout rekonpans li?
e si dié sa yo ou dié sa-a ta plis idantifié-l nan atitid e konvisyon nou sou sa ki bon e non sou konesans (livresque) nou?
Cyrano Krazerak
__________________
Rien n'est bon ni mauvais, si ce n'est ce qu'en fait la pensée.
Reply With Quote
Page generated in 0.21590 seconds with 24 queries