Thread: Dany Toussaint
View Single Post
  #6 (permalink)    
Old 06-07-02, 07:47 PM
mwenmenm mwenmenm is offline
Senior Member
 
Posts: 112
mwenmenm is on a distinguished road
Mesi kakakok paske ou ginyin kouraj pou ou di ke misye te kanpe bo kote sekte pwogressiste la et ke li te manke peri pou sa. Sepandan, ginyin youn bagay ke ou pa di, misye se youn neg le'l kwe lan youn bagay li pre pou li pedi lavi'l pou sa. Misye kon'n fe zanmi et tou li pa trayi zanmi'l me'm si se pou milyon. Yo te ofri'l milyon deja pou'l te trahi Aristide le li te nan pwizon ozetazini. Se gras ak misye ke aristid toujou vivan. Cependant, aristid gin repitation youn mou'n ki fo nan bay kou nan do, se sa ki fe ke misye ap veye grenn ni pou'l pa pete.
Mwenmenm pesonelman, youn Dany Toussaint ki pa nan dwog se ta va chwa mwen pou prezidan haiti. Misie pa kon'n bay kou nan do, misye se youn neg pwop, misye pa jan'm pe di sa'l panse, misye konnin limit li et li pa pe mande ed le li kole.
Pi gwo bagay mwen ta rinmin se ke youn anket serye sou nan mo Jean Do ta fe't pou mwen konnin si se misye vre ki touye Jean Do. Si se misye, mwen ap decu (desi) et mwen ap mande pou yo misye rete nan pwizon pou tou't vi li. Si yo jwen ke se pa misye, se ap pi gwo rejouissement pou mwen.
Pou bagay Lajan ke misye ap fe ya, Haiti se konsa ke li ye ti neg pov nan aswe et pi li rich demin matin. Sepandan, mwen kwe ke se aristid ki ba misye nan pake't kob li teleko yo pou rekonpanse misye paske li te sove lavi li jou kou deta sedras la et pi paske li pa't pa li kou nan do le misie te nan pwizon ozetazini. Si misye nan dwog, king kino nan dwog tou paske yo ginyin biznis ansan'm, mwen pa vle kwe sa. Mwen kwe ke ni kino ni dani se de mou'n honet, serye et pi ki pa pe mou'n. Youn lo't fwa anko, mwen ta rinmin ke ginyin youn anke't serye ki fe't pou yo we si misye nan zafe dwog toutbon. Si sevre, mwen tap desi et pi mande pou yo mete misye nan pwizon pou tou't vi li. Se se pa't vwe, mwen ap pompe ak lakontantman et pi mete'm pre pou mwen travay ansan'm ak misye pou develope pays ya si misye ta vini pwezidan pa moyen demokratik.
Se'l bagay mwen konnin se ke si misye vle pwesidan kounye ya pa mwayin ki pa kole ak demokraty li ka pab et se se'l li ki ka fe sa kounye ya. Si ginyin youn eleksyon onet kounye ya et ke misye kandida, li kapab ba't tou't mou'n ki sou terrin politik an ayti yo nan tou't tet.
Mwen vle klarifie youn bagay, mwen pwe pou mwen konbat youn dany toussaint pwesidan si toujou ginyin dou't so do'l ke li se youn machan'n poud et aussi ke se li min'm ke touye Jean Do. Si pagin okin'n dou't sou do misye, mwen tou pre pou mwen kite lavi lwilllllll mwen ap viv kounye ya pou mwen tounin ayti pou mwen al ede misye batay kon't sous developman.
Se te Mwenmenm Menm
Mete grenn....., Veye Grenn ou, Pa'm pete deja
Reply With Quote