Konpatriyòt,
Souple annou evite tonbe nan koze kredi ki pral alimante sipèstisyon demoralizan ki pa p itil nou anyen.
Se vre gen yon koensidans anraje nan sa ki pase la a. Gonayiv, kafou lendepandans lan ki reprezante espas sakre selebrasyon bisantnè a, se limenm ki soufri kalamite sa a nan ane 2004 lan. E se limenm tou ki sèvi bourik pou mennen siklòn politik anbasadè peyi Lafrans lan te pwofetize yon semenn anvan sansinay Amyot Métayer a....
Malgre tout sa yon moun kapab chèche li nan sa ki pase semenn pase a. Li klè pa gen okenn mistè nan sa. Lavil Gonayiv te egspoze tankou tilezanj nou yo k ap mache toutouni nan lari pil fatra ekspoze devan tout kalite maladi.
Souple, pa tonbe nan pyèj pou nou blame moun lavil Gonayiv pou malè ki tonbe sou tèt yo jounen jodi a. Teyoloji katastwofis sa a, se sipèstisyon ki pa kanpe sou anyen.
Okontrè, jan anpil moun konprann sa jounen jodi a, se yon moman pou nou pote tout sekou nou kapab pou ede moun Gonayiv travèse move pasaj sa a nan lavi vil la. Epi fòk nou pran dispozisyon pou evite menm katastwòf sa yo rive nan lòt vil - kote ta ka gen plis dega toujou.
Mwen te Ayiti 1 janvye 2004 ansanm ak plizyè milyon moun ki te vle fete viktwa revolisyon anti-esklavajis lan ak anpil fyète. Wi, vagabondaj nan lavil Gonayiv se zak ki te bay repiyans... - Otobis men te ladan l lan pa menm gen tan rive Gonayiv pou selebrasyon yo. Rive Lestè nou wè machin ki t ap retounen - paske selebrasyon yo te pi kout ke sa yo te prevwa akòz van vyolans gang CIA peye fè dezòd yo....men mwen pap janm blame tout yon popilasyon pou zak kèk vagabon. Nan Pòtoprens tou, moun ki di yo se save, etidyan, "elit" te pran lari ap kraze brize tou jou sa a sou labanyè Grenn Nan Bounda....
Kisa ou vle...? Nou pa janm pran tan pataje moso listwa pèp nou an ak tout moun. Demannyè pou nou tout alawonnbadè ta konprann pou kisa ane 2004 sa a, jou 1 janvye sa a, se moman sakre yo ye nan lavi yon pèp. Moman ki pa dwe pwofane.
Li klè Papa Dessalines fache. Li pa fache paske nou gen chirepit antre nou. Li fache paske jouk jounen jodi a, nou kite sila yo ki gen papa yo ki te an Afrik yo, toutouni, kouvri ak labou, san dlo pou yo bwè, san lopital ki pou ba yo laswenyay....epi sa ki pi grav la, nou pran sòlda kolon rasis vin poze sele nan mitan lekòl yo.
Men Papa Dessalines gen lontan l ap pran pasyans ak nou. Se pitit li nou ye. Li pa ka ni rayi nou, ni voye madichon sou nou....se tann l ap tann nou resi reyalize lè a rive pou nou defann eritaj li kite pou nou - apre anpil, anpil, anpil sakrifis.
Ayiti pap peri !