View Single Post
  #10 (permalink)    
Old 10-01-04, 01:53 PM
jafrikayiti jafrikayiti is offline
Senior Member
 
Posts: 351
jafrikayiti is on a distinguished road
Messieurs avec un peu de mensonge ici, un peu d'hystérie là on peu créer toute sortes d'illusions.
Paregzanp Rodlam ki sa 22 septanm gen arevwa ak katastwòf siklòn Jàn lage nan peyi a?
Se depi 17-18 septanm wi dega yo fèt.
Kidonk, mesyedam, noumenm ki te gen chans pase sou ban lekòl, si nou kontinye ap ankouraje malere rachonnen granmoun pòv nan peyi a sou akizasyon yo se "lougawou" - yon sipèstisyon blan franse ki vini ak li sou zile a fin abandone depi lontan....
Si nou vle pèdi tan ak enèji nou nan listwa kont tankou Moyiz ki koupe Lanmè 2 bout ....se zafè ki regade nou.
Pandanstan moun ki òganize yo mete strikti solid nan peyi yo pou moun vwayaje pa bezwen konte ni sou Air Lougawou, ni sou Sekoudisyèl pou pote sove lavi fanmi yo lè malè frape lakay yo. Yo gen kò ponpye, yo gen òganizasyon doktè benevòl elatriye...
Noumenm doktè pretansye sispèstisye nou yo, se Pòtoprens yo rete ap rakonte listwakont sou kantite dyab ki genyen nan Latibonit...pandanstan doktè Kiben kontinye ede vye fanmi nou yo.
Nou pa remake se bann listwa san pye san tèt sa yo ki paralize nou. Fè Ayisyen pè Ayisyen parèy li pou granmesi.
Vye frè m yo, wi gen fenomèn moun poko konprann, poko ka esplike ak mo nou genyen aladispozisyon nou jiskaprezan. Men, lèe yo moun poko konprann yon bagay, se pa envante pou li envante yon esplikasyon tèt bòbèch pou li. Se di "fenomèn sa a mwen poko konprann li". Si se pa sa, nou fenk kare pèdi tan sou chimen tenten.
Paregzanp Rodlam palede yon moun pezib ki tòdye tankou koulèv lè lwa pran li. Epi? kisa sa pwouve?
Èske nou pa konnen gen anpil reyaksyon yon moun fè ak kò li, apati stimilasyon sèvo a, jiskaprezan konesans limite lèzòm paka esplike aklè. Gen yon epòk, moun ki soufri maladi malkadi, yo te kwè se dyab ki akapare yo tou. Lè yon moun dwoge li viv anpil ilizyon ki sanble reyalite, li fè bagay li pa kwè li te ka fè. Alòs, se fouye pou nou kontinye fouye pou nou konprann fenomèn sa yo. Se pa fè parès kouri pran teyori bèl mèvèy tout pwofitè ki pa janm vle admèt yo pa konnen.
Ala yon pwovèb ta itil nou sa a, si nou te vle adopte sajès ki ladan l lan: "mwen konnen m pa konnen".
Respè,
Se fanm ak gason ki responsab degradasyon anviwonman an. Se fanm ak gason ki pou repare l. Kite lespri yo an repo fout ! Yo pa koupab.
__________________
Jafrikayiti
"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"
http://www.jafrikayiti.com
Reply With Quote