"Atik sa pa di le yon nomb rive ka yo lot nomb li gin dwa desan pantalon li jan li vle . Aitiweb se pa biyen letat li ye se yon biyen prive o seviss di piblik . "
Mr. Desalinanraje, eskize mwen. Mwen te konprann sete yon sit Ayisyen li te ye. Mwen pat konnen ke fò'm te fè pati de yon swadizan group pou'm te mete yon bagay ke mwen te li e ke mwen te vle wè kòmantè nou. Mwen pa konn sak biyen leta. Se isit mwen leve epi kòm mwen renmen tout aspè kilti Ayisyenn mwen, mwen aprann ekri e li kreyòl korèkteman pou si anka yon lè peyi manman'm ak papa' m rele'm pou'm sevi'l. Jan sa ap mache la'a, sanble jou sa'a pi pre ke jamè.
ALò, si sit Haiti Web la se yon site prive e mwen pa mamb, e mamb yo pa bezwen peye, mwen ta rekòmande ke yo di moun sa anvan nou anrejistre. An 2002, lè li te fèk parèt li pat spesifye. Alò eskize mwen.
Mwen pat konn si te gen chalan lan katye a.
My bad!
"ki sa yon koshon lavalass paka konprann la-a mezanmi ? Tout kote fet pou santi labou tankou lakou la kayl yo ? A la de satinbank FOUT TONNE ! "
Sa yon kochon lavalas sanble souple? Di'm poum ka konnen. Eske yo mòde? Eske se kochon kreyòl nou yo ke yo bay piki pou yo fè'l vi'n anraje e mache mode moun sou HaitiWeb. Eske se moun yo ye ki pa Ayisyen men jan ak tout Ayisyen kap viv lan peyi'a?
Mwen pa konprann? Ou konnen lè yon moun te fèt avèk yon kiyè ajan lan dwòl li, gen de bagay ke paran li pa kite'l ekspoze ladan'l.
Pè Sen Lwi yo pat montre mwen sa, alò fe'n konnen souple pou malè pa rive nou ak Lavalas Kochon yo.
Mèsi davans!
"Kote DIVALIERISS YO . Li le poun met min avek nou pour detwi mass labou charoyll sa-a kap fe nou ont . Le nou te la yo te konpran rol yo . Nou padone w .Nou paka padone lavalass ."
Mwen pa konn sa yon Divalyeris ye. Paske lè'm t'e leve, preske tout moun an Haïti se te Divalyeris. Alò, gen sèten nivo ant yo? Mwen pa konn sa "charoyll" vle di. Alò, mwen paka di anyen sou sa.
Si se mwen ke'w padone, mesi anpil. Mwen pa't menm konn si mwen te bezen padon.
Mwen pa konn sa'w vle pa mass labou. Eske se fatra ki anpile men wòte lan tout lari Haïti ke'w ap pale 'a ouswa se yon genosid? Paske lè mwen fè yon ti kout pye lan peyi DAyiti, fòm fè atansyon pou mwen pa gen dyare e mwen paka manje tout bagay akòz ke mwen rete isit twò lontan e ke sistèm mwen pa tolere tout mikròb.
Si se genosid, mwen pa ladan'l.
Mesi anpil pou atansyon!