Ochan pou sanba Jak Roch
Moin ta rinmin ba wou garanti
Pandan ou nan voyaj-wap janbe
Ou ce denye zetwal ki tonbe
Min mwen pa ka ba wou manti.
Nou prale fout mete min
nan pat kassav tout assassin.
Pap gin-yin dra
pou sere avadra
kik li rele Jerry Naciyis,
Ti-Blan,Tet-dred ou Elmonfis
Nou prale mete yo douvan la societe
Pou nou ba yo sa yo merite.
Ce pa coeur moin ki vi-n di
Min ce sa moin ta rinmin di
pou wou souri, pou wou konsole
Anvan nou tout nou fini ale.
Map ba wou you sel garanti!
Kamarad, sa ce pa manti:
Nou,neg ak milat dayiti,
Le nou ansanm, nou pa piti.
Nap Konbat Lavalas
Jouk pa rete you ti kras.
Aba Aristid, roi inbecil
Ainsi soit-il!Ainsi soit-il!
Harry E. Jean-Philippe