View Single Post
  #2 (permalink)    
Old 07-17-05, 01:27 PM
neganwo11422's Avatar
neganwo11422 neganwo11422 is offline
mentalité moun mòn !!!
 
Posts: 20
neganwo11422 is on a distinguished road
kiyes ki va vote pou nou

gen de sekte ki toujou ap konseye pep la pou li apa ale vote. yo toujou genyen bon rezon ke yo avanse. Men yo pa janm di pep ke le li pa ale vote genyen lot moun ki ap vote pou li.
Si li pa chwazi moun li vle a, se moun lot moun yo vle ki pral dirije li.
denye eleksyon 2000 yo te montre nou sa ki ka rive le nou pa ale vote. Nout onbe anba 2 chanm lavalas, majistra lavalas, tout bagay net te lavalas, e nou pa fouti bliye sa ki te pase.
Injustis vol, san kontwole abu pouvwa, asasina.
mwen ta espere ke okenn sekte pap konseye pep la pa ale vote anko.si sekte ke ou reprezante a pa nan violans, mache pale ak tout kandida yo eseye we kiyes ladan yo ki plis sanble ak ideoloji ke ou ap prone a epi endorse li tankou sa fet nan tout peyi. Oken mouvman pa ta sipoze ap konesye pep la pa lae vote.
Paske genyen 2 bagay ki ka fe sa. ou byen se yon sekte ki pa genyen vizyon e ki paka realize ke si li pa ale vote, genyen moun ki ap vote e chwazi pou li. Ou byen se yon sekte ki ap konseye moun pa ale vote pou li ka jwen mwens rezistant nan eleksyon yo.
mwen pa vle ofense peson, men svp pa konseye pep la pou li pa ale vote.
MESI
Reply With Quote