View Single Post
  #5 (permalink)    
Old 07-18-07, 10:46 PM
Noudweront Noudweront is offline
Senior Member
 
Posts: 183
Noudweront is on a distinguished road
Quote:
Originally Posted by Inouie View Post
Chak store van-n ak pri yo vle Noudweront ou paka baze sou sa pou di ke yap volo pep la, sa pa vle di ke yo pap ede pep la.
[B]Si yap ashte yon pwodwi a 35goud la liv (mwens ke yon dola meriken) kap revann 3/4 liv ant $8.95 e $13.99 US, pa dim se ede yap ede moun ki founi yo pwodwi sa-a.Pa dim ke moun kap ashte poul revann-nan lib poul koshe pwodikte-ya. Si tou nan mashe pwodwi tankou kafe nan peyi tankou AYiti. Kote kesyon EKITE-ya ye la-a??
Kisa moun kap revann-nan fe poul tire tout pwofi sa-a, poul fe grose vale benefis sa-a? Eske nou konprann mo EKITE??
Se petet fot moun ki pa ankadre pwodikte-ya, ki pa montrel ogmante pwodiksyon, amelyore kalite pwodiksyon, negosye pri yon pwodwi ke tout moun vle.
Ou pa konin ke se brezil ki te kraze pwoduksyon kafe an ayiti, lal desan-n pri cafe do brasil telman ba ke ayiti paka van-n pal lan. moncher avan ou akuze cheche konin tande, fe konparezon pri ak lot peyi yo an atandan kite abitan yo fe ti kob li:[/b]
Sa bagay lontan wap pale la-a. Se pa Brezil selman ki bay kafe ni sou late, ni menm nan zon pa nou-wan. Se yon kesyon de kalite ak MAKETING sitou ki fe vale yon pwodwi. Sa vre pou nenpot ki pwodwi, pa kafe selman: tout peyi fe rad, vann rad. Men tout rad pa vann menm pri. Se kalite ak MAKETING ki fe diferans nan pri. Cafe de Colombia ak Juan Valdez gen yon gwo plas sou mashe ya. "Blue Mountain" (kafe Jamayiik, yon peyi ki pamenm konsome kafe telman, men ki pwodwil e ki vann ni anpil) koute byen she: se kalite ak MAKETING pwodikte peyi sa yo ki ba yo bon rezilta sa-a.
Boujwazi konprado nou-an pat janm okipel ni de kalite, ni de maketing: yo te kontante yo de lajan fasil peze-souse nan pwodiksyon akayik. Kon sa vin pa kont anko pou kanbe konpa kafe-ya sou mashe entenasyonal-la, yo di se "cafe do Brezil" ki lakoz. Se manti, se mank de kalite ak maketing ki te voye kafe nou-wan al bwa shat.
Haitian Bleu (12 Ounce) by igourmet.com
Other products by IGOURMET
No customer reviews yet. Be the first.
Price:$13.99
Availability: In Stock. Ships from and sold by igourmet.
Only 3 left in stock--order soon.
Ou ban rezon. Si pwodwi-ya ap rapote tout kob sa-a, moun ki fel-la sipoze kapab jwi tou. Afe de "abitan fe ti kob" se bagay moun kap mande sharite. Abitan Ayisyen travay two di, li le poun sispann mare konplo esklavajis sou dol ak etranje.

Last edited by Noudweront : 07-18-07 at 10:52 PM.
Reply With Quote