Quote:
Originally Posted by tilezanj
Qu'est ce que ca peut foutre qu'il se revende a 8.95 ou a 58.95? Quand donc cessera cette manie de toujours vouloir savoir la profondeur de la poche des autres? Est-ce pour mieux quemander?
Il m'est tres important de savoir la profondeur de la poche des autres si elle est remplie des os des miens acquis "nan poze-souse".
Essayez donc de vous emanciper et d'evoluer un peu. Otez de vous cette mentalite de ti neg ti lespri. Manyin fout evolué. Sispan gin komplex inferiorite.
|
A la base (surface structure) je dirais que votre reponse est hors du sujet. Au fond (deep structure) il est evident que si gen konplex, se wou ki genyenl; e se yon konplex de siperyirite ke li ye. Ou pa wel. Ou fe sa sikolog rele 'PROJECTION". Ou voyel sou yon lot pou pa rekonet fot -ou, men li rete pwoblem paw.
Gen yon gwo pwoblem nan ashte yon pwodwi a 35goud la liv pou revann li ant $8.95US e plis 3/4 liv. Moun ki fe pwodwi-ya se pou esklav ou BonDye te kreyel?
Ou imoral (sansi, peze-souse), ou iyoran (ou pa konn mo EKITE toujou an 2007), siw se kretyen ou koupab de GOUMANDIZ ak AVARIS.
Si se konsa, abitan-an met kontinye fe ti kidnaping-li tet kale. LONI pa LONI, CIA pa CIA, ou pa ka touye tout. Ou se vre parazit-la, wap toujou bezwen abitan ki pou travay di, pou ka sousel. Peyel sal vo ou fini ak sa. An 2007, 35goud la liv-la ANRAJE!!


Quote:
Originally Posted by TiCam
Noudweront,
(1) kombien ou panse spekulater, epi exportateur chak van-n liv cafe kru an? Si ou panse ou gin rezon fok ou dim, se paske ou konin.
Premye bagay nou gen poun fe (tout bon vre wi, pa an aparans selman non), se montre moun pwodwi kafe ya koman poul elimini, ekate spekilate ya. Se espekilate ya ki premye sansi-ya. Bay pwodikte ya rout ak lot mwayen kominikasyon poul gen kontak pli direk, pi raproche posib ak moashe ya, ak konsomate-ya. Sim te ka monte Monn Rouj al pran Haitian Bleu-ya, si moun ki fel-la te potel ban mwen direk, mwen garantiw ke li pa tap koute tou san. E se espekilate-ya ki bay ni mwen ni abitan-an barye ki fe mwen peye kafe ya she men moun ki fel-la rete pi mizerab ke jame!!!
Nou bezwen aprann abitan-an negosye ak exportate/transporte-ya yon lot jan. Men kanta pou espekilate ya, an 2007 nou pa bezwenl ditou. Pitou li aprann yon lot metye...
(2) Sim achete yon mango nan min-w pou $1.00 epi mwen vini Miami mwen van-n ni pou $3.00, alor se poum pataje benefis la avek ou?
|


La-a ou fe sa meriken rele konparezon pom ak zoranj: gade eka ki genyen ant pri dasha yon mago ($1) ak pril vann ($3). Se yon eka de $2 (ki pou kouvri pri de revient , setadi transpo, tax, etc plis pwofi).
Eske se menm eka ak yon liv kafe kri a 35goud la liv (mwens ke 1dola) kap revann ant $8.95 e $13.99??? Dim ki depans revande ya fe poul jistifye eka sa-a???