

11-15-04, 12:16 AM
|
 |
Senior Member
|
|
|
|
Ayiti
Si'w wè jodi'm vini
se sijè'w ke'm chwazi
se paske map soufri
si'w wè ke melodie
wap tande yon jan tris
se konsa mwen santi'm
mwen la devan'w cheri
m'ape gade'w kap depafini
mwen pa ka menm itil
chagrin tristès met ak remo
pou yo finn ak lavi'm
alo'm pran plume
pou'm ekri'w ekri'w
pou'm mande'w padon
Mande'w padon
pou kou ak kalòt frè-m yo ba ou
padone yo ti chou
pou rad ou yo chire
pou kay ou yo maltrete
yo fè sa san panse
anmwe
mwen ta rele, rele anmwe
kilès ki pral koute'm
pou vin delivre'm
se sèl detwa ti mo, mwen ka pote
sou yon ti bout papye
pou'm di'w ke mwen dezole
kwè mwen, mwen dezole se vre
Yon ti chante pou ayiti
poum di l' m santi sal santi
yon ti chante pou ayiti pou m dil m'avèk li
O ayiti ! konsyans mwen fè
ke mwen pa ka lagew
avèw ma va lite
o wi! o wi!
bri a va kouri
nouvèl la va gaye
lè sa tout ayisyen ansan-m
a mete men nan men
pou n'fè yon sèl chimen
mesaj la va pase
lè na libere, ya tande
fos nou nan linion'l ye
nan linion, nan linion, nan linion
nan linion li ye
Mwen pap ka rete
papye a finn mouye
vizyon m'trouble
o non! male
siyen nou 2
Yon ti chante, pou ayiti
yon ti limyè, pou ayiti
yon ti priyè,pou ayiti
yon ti pitye, pou ayiti
__________________
If you can't beat them, arrange to have them beaten
|
|
| Thread Tools |
Search this Thread |
|
|
|
| Display Modes |
Linear Mode
|
Posting Rules | You may not post new threads You may not post replies You may not post attachments You may not edit your posts HTML code is Off Points Per Thread View: 2.00 Points Per Thread: 15.00 Points Per Reply: 5.00 |
|
|
|