Salut,kompatriot
Mwen li ak interet not ou voye ya.Min moin pa panse ou pran you ti tan pou li not pa nou an.
Si ou te pran you ti tan konsa, you neg intelijan tankou wou tap dakor a savoir nou gin-yin bon jan rezon pou nou apiye election 2005 yo.
Ou fe referans ak sa ki passe nan election avan yo.Ce te you processus lavalas te volor.Nou pa te we moyen pou force lavalas respekte reg jwet la.
Mwen kwe ce te you estrateji ki te gin tout importans li.Rezulta: Lavalas ki komprann li malin tonbe nan fe tintin jouk bra yo pran nan moulin.
Ce swa nou te avalize aktion yo, kolabore avek marionet yo, bin-yin nan tata avek yo ou bien ankor kite yo danse, fe tintin pou kont yo.Mwen kwe ce te bien.
Koulie-ya ou gin you lot situation, ce vre.Min pa gin-yin 5 kob garanti pou bon jan election ta fet nan pays ya. Ce vre gouvernman gin yin volonte pou sa.Min li pa gin-yin kapacite politik pou sa.
Minm you ti chef lapolis gouvernman sa pa ka mete nan la ri.Ce minustah ki ka fe sa koulye-ya.Et pi wap tann pep-la al mete chef nan tet pays ya. Wap reve debout!
Ce you eleksyon pou jwinn kiles ki ka sevi pi bon tyoul..kiles ki ka van-n ti res la pi bon mache.
Pep-la ta dwe kwaze bra li...chita lakay li...Femin pot-li..mete you siy dey douvan pot li nan jou election yo.
Ce pi bel viktwa pou pep haitien yan.Ce tap you bel soufflet pou zot ki poko kapab komprann sa ki rele "neg dayiti-ya."
Pou yo fout ale nan pays-yo et kite neg ak milat dayiti vini ak pwop remed yo pou trete malad la.
Gade sa ki passe! Semine passe, MINUSTAH sal bounda li nan cite soley nan fe you vie operation tet chat. Yo mobilize 400 manm..anpil gwo cha...helicopter...
Jouk jounin jodi-ya , yo minm yo pa kapab konfirme la mort Dred Wilme.Vagabon yo minm passe MINUSTAH lod pou kanpe lwin pandan yap fe anterman pou kidnappeur ya. YO minm annonse kiles ki pran plas chefterroris la ki tonbe.
Malgre tout sa, ti sekte boujwa ki pare pou bwe nimpot vye election mete bandrol nan tout bourdon"MERCI, MINUSTA".
CE pa election sa yo nou vle supote.SA se maskarad.Election kap ba nou plis pwoblem ankor..pi douvan.
Aba election komokiel.