Subject: Nou vann ak dyab... VIVE LA REVOLUTION
Send IM
Send Email
Mezanmi, le ya rive pou chak Haitien, chak Haitienne pran
responsabilite yo.
Ou pa bezwin you gro savan pou ou komprann sa kap passe jounin jodi-ya
nan pays dayiti.
Ce you pays ki gin tan vann.Tout moun- komanse sou sa kap ranmasse
fatra nan la ri-ya- sou payroll blan-an.
Pot-pawol premye minis-la touche 4 mil dola merikin chak mwa.Tout chek
sa yo soti dret direk nan payroll blan-an.
Washington instale you dal konseye teknik nan you paket minister ak
nan biwo premye minis la, tout mounn sa yo touche en fey dola byen vet.
Nan zafe eleksyon, ce ololoy!
Biltin vot-la ap soti pou pi for nan pays st-doming pandan dominikin
ap trete kou chin, pi mal ke chin haitien ki vini chache la vi. Passe
pou yo bay you Haitien you ti chans, yo pito toufon-nin minm citoyen
dominikin depi li ta vle sanble Haitien.
Kowonpi nan lakou kassasyon sal wob yo ak Kaka nan decizyon yo pran
pou citoyen merikin, D. Simeyis kouri lib e libin deyer fotey boure-ya.
A peine you mwa anvan eleksyon ta dwe fet, otorite yo dekouvri KEP-la
pa janm te gin-yin you reglement intern.
Yo oblije ap presse pare you konsey administrasyon ki pwal pran gwo
decizyon yo.
Merikin ap tann "bon jan eleksyon" en Haiti.Sa sa vle di?
Sa vle di zot gin moun-n pa li ki dwe bon tout bon nan eleksyon yo.
Ou va tande pawol anpil, ti pil gwo pil min ce va krek ti bet. "Sa ou
we ya, ce sa", ce repons zot ki tou pare chita la ap tann ou.
La Polis National gin tan recevwa ampil zouti lanmor pou fe dlo kow
ou bin-yin kow ou.
En minm tan tou, ce la mizer kap kontinye kale pitit ak pitit-pitit.Ce
Haiti kap tounin you lanfer pi red chak jou.
Di bonjou diab ak joure manman diab, ce minm bagay la. Sa pap chanje
sitiyation pep haitien.
Sel chans pays dayiti, ce LA REVOLUTION
VIV LA REVOLUTION.
5rgroup@yahoogroups.com