Chapo pou Goman, haitien otantik
Premyeman, mwen mande padon pou kreyol mwen ki pa finn tro kodium paske mwen konnen ou ce you neg ki tre for nan kestion ekri kreyol la.
Dezieman,mwen pa gen pretansion reponn pou Jan-Pye Brax. Mwen konnen missye maton asse pou li reponn pou tet li komsadwa. Mwen selman pantan sou opotinite-ya pou mwen fe you ti bat bouch sou kestion Revolisyon an.
Mwen konstate anpil revolisyon fet san violans a travers le monde pandan denye 25 ane yo.Nou kapab diskite sou efikasite yo nan jan yo gere societe ya le yo rive sou pouvoi.Sa ce you lot deba.
Mwen minm, mwen konsidere leve kanpe 7 fevriye 86 la kom you you revolisyon ki avorte.16 desanm 90, ce you lot ankor ki avorte.Mouvman GNB ya, ce you lot revolisyon ki avorte.
Tout ce bel okazion nou rate pou nou chanje peyi dayiti jouk nan nannan li.Zot toujou servi ak fos reaksioner pou bay mouvman revolisyoner yo panzou.
Mwen kwe , tout bon militan ki simpatik ak koz pep -la kelkeswa klas yo nan societe ya, kelkeswa kouler po yo,gin-yin you sel kestion pou nou poze tet nou:
kouman pou fos revolisyoner yo rive pran kontrol pouvoi politik, ekonomik ak social en Haiti? Ki chans nou gin-yin pou reyissi si nou pran lezam?
Eksperyans Septanm 91 avek Sedras montre a kler lezam gin-yin limit li.Pran pouvoi ce you-n; min si nou pa rive chanje societe ya nan nannan li pou pep-la rekolte benefis revolision an, ki valer reyel "La Revolution au Pouvoir"?
Nou ka cite tou experyans Chavez la nan peyi Venezuela.Pissans zam gin-yin limit li.Si Chavez te chita sou fos lezam, gin lontan kafe li tap koule ak mar. Epi tou, si nou ta chwazi pou nou antre nan you dialektik kout zam douvan-deyer, sa nap fe ak zot ki gin plis zam ak bon jan fomassyon militer?Eske nap kapab reziste ak yo jouk pou nou trionfe?
Trionf militer, ce you-n.Triyonf politik, ce you lot.Messye kap batay pou prop laglwa tet yo ak prop richess yo selman obeyi ak lwa anbisyon yo.E pi yo fini you bon matin nan la wont san akonpli an-yin pou pep-yo.
Finalman, kisa wap fe ak you pep ki kwe nan "Pito nou led, nou la"? Kouman ou pral fe mobilize you pep ki passe tout la vi li nan we neg ak gwo zam kap teworize li?Lapolis gin gro zam; kidnaper gin gro zam san konte gro zam Minista yo.
Kife, fos revolisyoner yo pa kapab konte sou lezam. Nou oblije pousse pou you Revolisyon san violans minm jan nou we sa passe anpil lot kote.Ce pou nou kontinye organize lit la nan fe kanpay pour la Revolution non-violente en Haiti.Pito nou mize nan wout min nou pote bon nouvel!
Min sa nou konstate sou terin politik la jounin jodi-ya: Pandan fos revolisyoner yo komanse ap pran konsyans pou yo organize yo, fos reyaksioner yo ap forse fe you eleksyon ki impossib.Ce kite yo fe!
Fos reyaksioner yo ki pa vle chanjman tout bon pran plas nan societe-ya pare pou ba-w you kout Preval ou bien Baker.Li gin dwa tou you kout K-plim.Pa etone nou non!You sel bagay, kom KEP ya gaye, tout messye yo pa gin minm tandans, nou pa ka kon-nin si KEP-ya pral mache o pa avek plan reyaksyoner yo.Premye Minis, Gera Latorti, ce you lot eleman inkoni tou.Ki fe , nan POTOPRINS, kay Madan Kolo, bagay yo bel.
Anatandan, nou minm ki nan fos revolisyoner yo, ce pou nou kontinye organize nou.Pinga nou janm tonbe nan tentasyon" imposer la Revolution par les armes".
Jodi-ya, ce selman 2 fos ki an prezans: Fos reyaksyoner ak fos revolisyoner yo. Fos reyaksyoner yo nan eleksyon-seleksion pou yo toujou kinbe kontrol pouvoi.
Nou minm, fos revolisyoner yo, an nou kontinye organize nou jouk nou pran kontrol pouvwa.Nou ka mize nan wout min viktwa ce pou nou.
An nou rive reve/An nou reve rive/Pou Haiti bouke drive! An nou touye la wont/Pou la wont pa touye nou!
Sel fos nou, ce pep-la/Sel pep-la, ce fos-nou!
MOUVMAN 5R
http://groups.yahoo.com/group/5rgroup/join
