Ampil ane gintan pase,min ou poko jan'm ka desidew
si se avem ou vle rete pou jan jouk tan,ou fe tan pase
santiman'm pou ou fin'n grandi,chak jouk pase pou ou ape fleri
ou met kwem pap ba'w manti,ou fe plezi lavi'm
m pa gin ampil pou'm diw,ni twop pou mwen ofriw
sel sa'm konin'm grangou lanmou,grangou lanmou
vwayaje nan lot peyi,mwen we ampil bel kreyati
min se ou'k toujou nan lesprim,ou nan lesprim
mwen pa tro fo nan fe pwezi,min se tout lajounin map ekri
defwa'm chante,m jwe mizik,poum exprime sa'm santi
pa fe komsi ou pa komprann,ke se pou ou tet mwen ap pati
pouki ou jwe jwet indiferans,ou pa ban mwen on chans
cheri ou konen tre byen tout feeling mwen
tout emosyon lanmou ka chaye mwen
panse avew ka fe kem sote,ka fe tout jounen'm kontrarye
istwa lanmou'm avew ka we demen
kapab men'm fe ti wout boujonen
pouki ou pa vle chanje lide,ka fe bone nou tou le de
Deception
wa mete ke'w sou ke'm,ma mete main'm nan main'w
cheri mwen pap kite'w ale
franchman mwen pare pou'm fe sa'w mande'm
cheri mwen pap kite'w ale
devan la sosyete se ou m mete an premye
cheri mwen pap kite'w ale
pa fe mwen la pen,pa fe mwen di helas
cheri mwen pap kitew ale.