Yeswa mal domi, mwen reve ke tout moun sou Haitiwebs ap rankontre tankou yon konvansyon. Minm lè-a map kalkile, map di-m pral pran kontak ak tout medam yo pou nou kap jwe ak brain messye yo. Men kom mwen toujou an reta lem pral yon kote, mwen toujou en reta. Se konsa, lem antre nan salle la mwen remake tout moun vire gadem yap souri epi yo di ?Hi TiCam?. Mwen santi san ap monte nan tèt mwen, desan nan pyem, chalè ap monte sou mwen. Mwen di damn tout moun rekonet mwen epi mwen pa konen peson la.


Men, lem reveye mwen di se rans sa. Dan lespas de demiyer mwen kapab rekonet tout moun la. Mwen voy zyem nan yon kwen kotek gen de twa neg kap pale, epi mwen tande ?Preval paka prezidan, mwen defan sa.? Mwen ta di men Kakakok. Epi mwen remake yon neg sispek kap chèche tande sa lot ap di, then gen youn ki di ?lavalas? nan konvesasyon an, neg ki sispek la di ?Foutez-vous dehors band de microbes lavalas? Mwen ta di men LK. Mwen tande yon lot vwa kap di, ?messye suspan fe politik non, mwen kite lune de myel mwen poum vini la-a ak bel ti mandam mwen anba bram epi se politik nap fe?? mwen ta di, men Mde11. M-vire gade yon lot kote mwen we yon gwoup ti medam, youn la dan yo ap ri, giggling, mwen ta souri e mwen ta di men Ania, gen yo lot ki tap bay blag, devan tet li gen tikouri ki fini ak yon bel afro, mwen di men Spoonie, gen yon lot kap vini lap mache ak do li byen dwat mwen ta rekonet ke se Sunnyeyes.


Men gen yon msye kap mache ak yon laptop pandye sou zepol li, lap bay tout moun lanmen, remersye yo, mwen tande lap ekskuzel li pa kapab rete paske e-mail pwogram nan pap mache, mwen di men neg Haitiwebs la. Men tout moun ap mande kiyes ki Fabrice, yo di ke lap soufri ak yon ker nwa, brize, li sou kaban-n li, li paka vini.
Mwen byen regret sa, mwen pa gentan pou tout moun, mwen kite rès la pou nou. Di-m non, kijan nou ta rekonèt mwen.
(Messieurs, soyez sage!)