Ant Rama Yade ak Leclerc ki lès ou pi pito?
Madan Yade te vin bay manti chèf li te mande li bay.
Nou ka li andyozman Rama Yade a, nan vèsyon longplayin li, la a:
INTERVENTION DE MME RAMA YADE
Men yon ekzanp, pami tandòt, nan manti byen makiye, Sarkozy te voye Rama Yade bay sou zile a:
"La colonie de Saint-Domingue était riche. Alors, il fallait en tirer un maximum pour enrichir la métropole engagée dans la traite et le commerce triangulaire. Que le XVIIIème siècle soit celui de la liberté n'empêchait pas tel philosophe éclairé, Voltaire, de placer son argent dans cet épouvantable commerce. C'était sans compter la Révolution française qui est venue poser les fondements d'un nouvel ordre politique, celui de la démocratie et des droits de l'Homme.
Les Haïtiens se sont alors emparés du discours des maîtres. Ils les ont pris au mot. Ils ont exigé pour eux-mêmes cette liberté et ces droits. "
Menmsi, pi douvan, li admèt nèg p at rete tann 1789 pou yo leve kanpe, manmzèl Yade fè yon dividal yayad sou tè Makandal la pou li eseye fè oditwa a vale mit revizyonis ki vle fè kwè Lafrans merite kredi kanmenm pou leve kanpe Nèg Lafrik yo kont blan sanginè ki t ap fè yo pase mati sou zile a.
Leclerc te pale pi byen pase Yade 200 zan pase !
Leclerc te pale franse, li te pale kreyòl, e li te reyisi konvenk anpil moun. Poutan, lòd fòmèl Napoleyon te bali te toujou rete klè nan tèt li. Zak jenosid li te vin fè ansanm ak Rochambeau a, se li ki te nan lespri l pandan li t ap layite pwezi pou andòmi nèg ak nègès ki kwè nan tontonnwèl. Jodi a Yade pale anpil franse, li pale, li pale, li menm fè lwanj pou rekonesans esklavaj rasyal la kòm krim kont limanite....menmsi se pou nèg bèkèkè ka bat bravo pou blan franse ki voye l fè komisyon an. Paske, Yade pa gen kouraj admèt, eleman pi enpòtan nan lwa Taubira a, ki se atik 4 ki te pale de nesesite pou Lafrans REPARE konsekans "krim nan" (Prensip REPARASYON an)- yo te retire atik sa a. Pou plis detay, tyeke yon atik Dieudonné ekri kèk ane pase sou kesyon sa a:
"La loi Taubira n'a malheureusement servi à rien, c'étaient juste des mots"
[Dieudonné Politico Dieudo Team] [http://dieudo.net/2007]
200 zan anvan Rama Yade, Jeneral Leclerc te vin sou zile a, nan mwa fevriye 1802 ak komisyon Napoleyon ki te deklare:
"Qui ça vous tout yé, qui couleur vous yé, qui côté papa zote vini, nous pas gardé ça : nous savé tan seleman que zote tout libre, que zote tout égal, douvant bon Dieu et dans zyé la Répiblique...pas crere ci la yo qui va dit zote, que blanc velé fere vous esclave encore : ya manti plitot que crere yo, repond, et songé bien que cé la Répiblique qui baye liberté, et qui va ben savé empêché personne de pren li encore : soldat là, navire là, tout, cé pour gardé liberté là, et gardé pays qui pour la Répiblique...…Blancs, négues, tout cé zenfant la Répiblique".
Adye konpè. Diskou gratis, y ap bay diskou!
SE PA KADO BLAN TE FÈ NOU !
PASKE NOU KONNEN KAKA JE PA LINÈT, rechèch laverite te ede nou konprann listwa revolisyon Ayisyen an yon lòt jan. Annou fè yon koudèy...
"....Nou te site non kèk lidè pami nèg ak nègès ki te kase chenn pou al òganize liberasyon pèp Nèg Ginen an, kolon blan t ap fè pase mati sou zile Ayiti.
Nou te kòmanse lis lan ak Padrejean nan ane 1679 men, sa sete pou batay kont blan franse senpman. Paske, depi sou premye debakman nèg sou zile a, nan ane 1499-1503, blan panyòl tankou Ovando te kòmanse rele anmwey pou Nèg Lafrik ki t ap òganize rebelyon kòtakòt ak Tayino yo. Se lizay pou nou wete chapo n, salye gason vanyan tankou Kasik Anrikiyo ak Kasik Atwe, 2 chèf Tayino ki te patisipe nan premye konba òganize sa yo kont kolon esklavajis sou zile Ayiti.


Li enpòtan tou pou nou souliyen kijan revòlt Nèg Mawon se yon fil ki konekte Ayiti ak Jamayik, de zile vwazin kote, depi dikdantan, Nèg vanyan Lafrik te tounen pongongon nan deng kolon blan esklavajis. Akonte ane 1734 lè yon gwo revòlt nèg mawon te pete nan Jamayik, kolon angle t ap eseye debarase yo de kalte revolisyonè temerè sa yo jan yo kapab. Listwa rapòte eksplwa yon gwoup Nèg Mawon Jamayik ki te reyisi, ak fòs zam yo, negosye retounen ann Afrik apre yon eskal yo te fè jouk nan pwovens Nova Scotia, nan lès peyi Kanada. Konsa tou, gen de twa nèg mawon ki te al chwe Ayiti. Pa ekzanp nou gen Plimout epi Boukman.
Nan pami tout rebelyon nèg mawon ki fèt sou zile Ayiti, gen 2 gwo leve kanpe ki atire atansyon listwaryen yo an patikilye.
MAKANDAL SOVE !


Premye gwo leve kanpe a te rive nan ane 1740 sou bitasyon Lenòman nan Lenbe. Te gen yon Nèg Lafrik Ginen ki te gen yon sèl bra, li te pèdi lòt lan nan moulen kann pou blan franse ki te fè l tounen esklav. Nèg sa a kase chenn, li sèmante, anvan lontan, sou zile Ayiti, tout blan gen pou mouri. Pandan 18 ane, ak yon lame nèg mawon li te òganize toupatou sou zile a, li mache simen latèrè, touye yon latriye kolon blan ak tout zannimo ki sou bitasyon yo. Zam prefere gran chèf mawon sa a sete profite lè blan ap fè bèl koudyay resepsyon pou 20, 30 blan gwo kòlèt parèy yo, epi konplote ak esklav ke blan yo fè plis konfyans pou travay nan kay sitou nan lakizin epi vide pwazon nan te, soup ak lòt bèl manje ranje. Chèf mawon sa a te tèlman gen kouraj pou sipòte soufrans, anpil moun te kwè li pa t yon moun « konsa konsa ». Gen nèg ki di Nèg Lafrik sa a se te yon pwofèt, gen lòt ki di misye pa t janm mouri, se li Bondye te voye pou detui kolon blan yo epi bay Nèg Lafrik lalibète. Misye limenm menm te toujou di menmsi yon jou blan ta rive kenbe l, se nad marinad paske l ap pran fòm mouch osnon marengwen pou l chape nan men yo. Konsa, kè tout moun te sou biskèt lè nan fen ane 1757 kolon blan te reyisi met lapat sou misye. 20 janvye 1758, 5è nan aprèmidi blan yo mare Nèg Lafrik mancho an, chèf nèg mawon yo, sou yon poto epi yo limen dife anba l pou kankannen li tou vivan. Pandan malere a t ap debat ak tout fòs kouray li anba soufrans chalè dife a, BLOW ! yon gwo bri pete. Chèf mawon an reyisi pete chenn ki te mare l nan poto an epi li chavire sou dife a. Sa ou tande a, tout nèg te pran rele alinison: "Makandal sove! Makandal sove!".


Menmsi apresa tout moun te wè kijan blan yo te poze lapat sou Makandal ankò epi yo te mare l sou yon planch, fè dife boule l jouk li sispann respire… pa gen anyen ki te ka vin retire nan lespri esklav yo ke se pwofesi ki te akonpli devan je yo. Kidonk, jan li te toujou predi sa, Granmèt la fè Makandal tounen marengwen pou li chape nan men blan malveyan.
Malgre lanmò (osnon transfòmasyon) Makandal, se atò kolon blan te kontinye mouri nan rebelyon nèg mawon.
Listwaryen Moreau de Saint-Méry (volim II, p1131 rive p 1136) rakonte nou kouman kolon blan yo te konn òganise yo pou fè lachas dèyè Nèg Lafrik sa yo ki t ap goumen pou kase chenn lesklavaj:
"M. de Saint-Vilmé, « major pour le Roi » nan vil Mibalè debake Kwadèboukè 27 desanm 1776, ak 20 grenadye epi 20 chasè ki soti nan rejiman Pòtoprens lan. M. de Saint-Vilmé jwenn kanpman nèg yo nan jiwon Baworiko epi li fonse sou yo 6 janvye 1777, men akòz chen yo ki pa t janm sispann jape tout lannuit lavèy lan, nèg yo te gentan jete kò yo nan yon seri gwo touf bwa ki te tèlman jennen twoup lan pat fouti rapousuiv yo. Alaverite, yo te fatige jouk yo elas. Gen sòlda ki te delala jouk yo sètoblije bwè pwòp pipi yo. Kidonk, detachman M. de Saint-Vilmé a te pran desizyon kase tèt tounen al bouske lamanjay pou yo pa faya".
Adye wi, menm si ou tande, nan kouri dèyè nèg mawon, yo tonbe nan gagannen pwòp pipi yo, tanta lajan lakòz kolon blan te kontinye ap fè Nèg Lafrik debake sou zile Ayiti vi n bourike pou yo sou plantasyon sik, kafe, kakawo elatriye. Konsa, nan ane 1789, sou bò blan franse t ap dirije a, Ayiti te gen: 465 mil esklav, 30 mil blan, 28 mil afranchi.
1789
1789 se yon ane ki cho ak evènman nan peyi d Ayiti. Koze libète kòmanse ap pale toupatou. Nèg Mawon layite kò yo sou tout zile a. Pami chèf yo nou jwenn…Yasent, Kayiman, Lamouderans, Kandi, Makaya, Alawou, yon nèg ki toujou mache ak yon kòk blan anba bra l. Li di se kòk lan ki pote komisyon Bondye ki nan syèl, voye pou li; epi Womèn Rivyè ki rele tèt li Lapwofetès paske l di, li pa yon nèg konsa konsa, li se fiyèl Manman Mari Lavyèj !
Pandanstan, Afranchi ap revandike dwa yo devan kolon blan, kolon blan yo divize men yo tout vle Lafrans kite yo jere Ayiti jan yo pipito. Ni sou tè dAyiti, ni nan peyi Lafrans, ti blan ap mande gwo blan pou gato a separe otreman. La monachi an danje. Tout moun sou brenzeng yo. Men se chak koukou k ap klere pou je l. "
Sous: LAFIMEN - Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen, CD#2 Makandal Sove (Jafrikayiti, 2006)
Ou di m, ant Rama Yade epi Leclerc ...? Poudi se sèl chwa sa a ke mmen genyen devan m vre? Fòk granmoun mwen pa ta deja fè lenesesè pou ede m konprann kaka je pa linèt e li pap janm linèt !
La peau noire a bien voulu cacher le masque blanc, mèzalò...