KOUT KOUTO - OKTÒB 1937 (Rivyè Masak Wouj ak San Nèg !)
Moso nan seri Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen Depi Nan Ginen © Jafrikayiti
(Oktòb 2007)
Lasosyete onè,
Nou remèsye Granmèt la dèske li kontinye klere pasaj pou nou, sou
chimen listwa pèp nou.
Nou te wè nan ki kondisyon sòlda blan Meriken yo te kite tè peyi d
Ayiti, nan ane 1934. Lè sa a, se mouche Sténio Vincent yo te kite
chita sou chèz boure palè nasyonal la, ansakalite de « Prezidan ».
Nou te wè ki jan Stenio Vincent sete yon nèg milat ki pat gen anpil
kòb men, ansakalite de Prezidan, li devlope relasyon bon fwotman ak ni
Prezidan Etazini, Franklin Delano Roosevelt, ni Prezidan Dominiken,
Raphaël Trujillo. Se konsa, 5 jiyè 1934, mouche Roosevelt te deplase
majeste li, debake lavil Okap, pou li vin anonse finisman lokipasyon
nan peyi nou. Vwalatilpa, nan koumansman ane 1936, sete tou pa
prezidan Domiken an, pou li te fè yon vwayaj istorik tou nan peyi d
Ayiti. Lè sa a, Sténio Vincent te tèlman kontan vizit la, li te fè
rebatize Granri Pòtoprens «Avenue Trujillo».
Men, lasosyete, daprè noumenm, ki kalite benefis "relasyon" sa yo ta
pral pote pou pèp Ayisyen?
Pou nou jwenn repons kesyon sa a, fòk nou fouye pi fon pase sa nou
jwenn alapòte n nan liv tankou rapòtay listwa Jean-Claude Dorsainville
fè sou lobidyans Frères de l'instruction Chrétienne lan. Nan Abreje
Istwa d Ayiti, Louis Déroche limenm, di nou: «Vincent fè anpil bagay
pou peyi a: lekòl, mache, bibliyotèk, elatriye... san konte mize
nasyonal e lefèt ke komès fig bannann te fè anpil pwogrè. Epitou, se
sou gouvènman prezidan Vincent, minis li, Dumarsais Estimé, pran
inisyativ fè tout elèv ale fè parad sou plas piblik jou fèt drapo, le
18 me». Tout sa se bèl piblisite Prezidan Vincent pwobableman merite.
Malerezman, ti liv sa yo pase sou tèt peryòd gouvènman Vincent an pi
vit pase zèklè kap kouri pou loray pa fè kè l sote. Nou pa p ka padone
listwaryen tradisyonalis, tankou Dorsainville ak Déroche, pou
konplisite yo nan blakawout total yo fè sou pi gwo evènman ki pase sou
prezidans Sténio Vincent an. Evènman sa a si tèlman enpòtan, yon moun
pa fouti konprann relasyon Ayiti ak Repiblik Dominikèn pandan tout
peryòd 20tyèm syèk la, si ou pa konnen kisa ki te pase sou fwontyè
Ayiti ak Dominikani, nan mwa oktòb 1937.
Dominiken rele evènman sa a: «El Corte». Ayisyen rele li «Kout
Kouto».
Anvan nou rakonte ou kouman sa te pase, annou di de mo osijè youn nan
pèsonaj santral evènman Kout kouto sa a, sètadi diktatè ki te alatèt
peyi Dominikani nan ane 1937 la, mouche Raphël Trujillo.
Trujillo, sete yon ansyen gad sou plantasyon kann ki vin pran grad sou
grad nan Gad Nasyonal peyi li, granmesi antrenman li te resevwa nan
men Marin Ameriken ki te okipe Repiblik Dominikèn alepòk. Lè blan
Meriken kite Dominikani, nan ane 1924, Trujillo te gentan gwo chèf
alatèt lame Dominikèn. Nan ane 1930, li fè yon koudeta, li nonmen tèt
li prezidan. E menm jan ak Prezidan Vincent, li bay tèt li tout kalite
gwo tit tankou: «Gran Byenfektè Lanasyon ».
Ki kalite moun Trujillo te ye?
Trujillo te vle fè tèt li pase pou blan. Se konsa, misye te toujou ap
itilize makiyaj pou li parèt pi pal ke jan li te ye a. Fikilte misye,
sèke li te gen repitasyon ti vòlè afè pa bon, lè li te jenn gason.
Kipizè, granmè Trujillo te yon nègès peyi d Ayiti -kidonk, se yon
kichòy ki te bay misye anpil vye konplèks nan mitan ti klik kolon blan
ak ansyen milat gran don ki t ap fè e defè nan peyi l alepòk.
Orezime, sou tou de bò zile a, se milat konplekse ki te opouvwa.
Vincent ann Ayiti, Trujillo nan Panyòl.
Nan yon atik ki pote tit « The River Massacre: The Real and Imagined
Borders of Hispaniola» ekriven Michele Wucker pibliye sou
Windows on Haiti,
nou aprann ki jan yon jou 2 oktòb 1937, pandan li te sou tankou pitit
Bouki nan yon fèt yo te fè pou li, tou pre Larivyè Masak la, Raphaël
Trujillo pase sòlda Dominiken yo lòd pou yo aplike yon solisyon final
ki va reyisi rezoud swadizan pwoblèm Ayisyen an nan Repiblik
Dominikèn. De ki pwoblèm Trujillo t ap pale konsa a?
Daprè temwanyaj ni listwaryen, ni moun ki te vivan alepòk, nan ane
1937, pat gen okenn pwoblèm, tout bon vre, ant Ayisyen epi Dominiken.
Ekonomi toulede peyi yo te an degraba, sou menm pyedegalite. E, onivo
sitiyasyon ti klik ki t ap viv lavil yo menm, sitiyasyon Ayiti te pi
anfòm pase pa Dominikani. Sou plantasyon kannasik ke kolon blan
Ameriken t ap eksplwate nan Dominikani, Ayisyen ak Dominiken t ap
travay kòtakòt, tankou esklav, anba flann solèy la. Onivo popilasyon
ki t ap viv nan rejyon fwontyè yo yomenm sete bèl antant ki te ekziste
ant Ayisyen ak Dominiken.
Annou koute... Irelia Pierre, moun Domon, zòn Wanament, ki tap pale ak
yon fouyapòt nan ane 1987:
«Mwen te fèt nan Dominikani. Nou te rete nan seksyon "Loma de
Cabrera". Papa m te travay jaden, plante manyòk, pistach, diri e gade
bèf, kochon, poul, kabrit - tout sa yo. Li te genyen tè pa l, ke li te
achte. Papa m te genyen 10 kawo tè. Te genyen manje kont pou fanmiy
lan, nou pa te achte manje nan mache. Nou te konn fè danre tou, nou te
konn vann nan mache. Papa m te fèt nan Dominikani. Manman m tou, te
fèt la ba a. Sèlman, mwen te pale Kreyòl; mwen poko te aprann Panyòl.
Mwen te viv nan mitan Ayisyen. Te genyen anpil Dominiken laba a, men
te genyen plis Ayisyen. Ayisyen e Dominiken te genyen maryaj e plasaj
tou. Sa ki marye, yo marye. Sa ki plase, yo plase. »
Yon gason ki te viv menm eksperyans lan di limenm...
«...Anvan ...toulede pèp yo, Ayisyen ak Dominiken, te fè yon sèl, nan
katye sa-a....Tout mounn ki te fè metye Dayabonn, kòdonye, tayè, tout
se te Ayisyen, epi, Ayisyen ki la jiskounye a. Yo peple Wanament, yo
mouri la. Jiskonye a, pitit-pitit yo la a Wanament. Ti Ayisyen, papa
yo te fe Dayabonn, se isit, nan Wanament yo te lekòl, isit lan Ayiti,
yo te vini lekòl chak maten. Apremidi yo retounen Dayabonn. Fanmi yo
te viv Dayabonn tou. Yo te toujou renmen edikasyon fransèz la. Lekòl
frè a te toujou la... Menm lan Repiblik Dominikèn, yo renmen lang
fransèz la anpil. Men lang franse a ede yo pale kreyòl anpil tou.»
Kidonk te gen bèl antant nan mitan klas ouvriyè ak peyizan yo. Men ni
Santo-Domingo, ni Pòtoprens te gen yon santiman rayisab nasyonalis ke
klas privilejye yo t ap itilize pou bati kapital politik yo. Ann
Ayiti, pandan 19vyèm syèk la, ni politisyen nwa, ni politisyen milat
te abitye rasanble peyizan Ayisyen, lage zam nan men yo, fè yo rantre
nan lame pou y al atake Dominikani. Men, sa se bagay ki te sispann
depi lontan. Lapè te tabli ant de pèp yo depi sou gouvènman Prezidan
Domingue, nan ane 1875. Mèzalò, bò kote ti klik milat ki te fè
dappiyanp sou pouvwa a nan Repiblik Dominikèn yo, bagay sa yo te
touskilfo pou yo kreye yon mit rasis kòmkwa Dominiken se blan, Ayisyen
se nèg nwa, e de pèp sa yo se lennmi mòtèl.
Kontèks istoriko-ekomik ki te ponn teyori tèt anba sa yo sèke, nan ane
1937, ekonomi Repiblik Dominikèn te fin dekonstonbre nètalkole.
Ekspòtasyon sik ki te konn bay anpil rannman, sa gen dizan pase, te
vin pèdi anpil valè sou mache eksteryè a. Valè yon liv sik sòti 20
santim Ameriken li tonbe yon santim.
Pandanstan, sou kontinan Lewòp, Adolf Hitler ap fè lapli-e-lebotan.
Nou konnen teyori Hitler a, sèke ras blan je vèt se sèl seyè sou latè,
yo dwe dirije an wadèwa. Nan liv li ki rele Mein Kampf, Hitler tabli
tout kalite teyori pou esplike siperyorite ras moun blan sou tout lòt
ras.
Vwalatilpa, nan finisman mwa septanm 1937, Hitler voye yon delegasyon
blan Alman, Nazi rasis parèy li, ale rankontre diktatè Dominiken an
Raphaël Trujillo. Youn nan kado Hitler voye pou Prezidan Domikiken an
se liv li a «Mein Kampf». Jounal nan Dominikani bat bravo lakontantman
pou bèl akolad sa a. Yo ekri nan premye paj: «Viv de gran lidè nou yo:
Trèzonorab Prezidan Doktè Trujillo ak Firè Wayom Alman an, Adolf
Hitler»
Lide rasis Hitler yo te touskilfo pou Trujillo ki t ap chèche yon
echapatwa pou li detounen lespri Dominiken, fè yo bliye responsablite
leta nan malsite ekonomik peyi li t ap konfwonte alepòk epi fokis
okontrè sou rayisman pèp Ayisyen.
Trujillo deklare ke pèp Dominiken pa ta sipoze kite bann etranje nwa
sa yo, kidonk klas ouvriyè Dominiken-Ayisyen an, ap byen manje konsa
lakay li. Kidonk, jalouzi rasis konplekse Trujillo monte li, li mande
sòlda Domiken pou yo rezoud pwoblèm Ayisyen an...
CHIBOLÈT NAN BIB LA, PEREJIL SOU ZILE A
Chòz dit, chòz fèt, nan mwa oktòb 1937, bò zòn lavil Dajabon, sòlda
Dominiken mache pike depi se Dominiken nwa ke yo sispèk gen san
Ayisyen nan venn yo. Listwaryen yo di nou, pou pipiti gen 30 mil frè
ak sè nou ki pèdi lavi yo nan masak sa a. N ap fè ou remake ke sòlda
yo pa t atake Ayisyen ki te rete sou plantasyon sik konpayi Ameriken
yo. Se pa malere sa yo ki te deranje Trujillo. Ni tou, blan Etazini pa
t aksepte pou misye vin kontrarye biznis esklavajis yo sou zile a. Se
sou Ayisyen ak Domiken nwa ki gentan fè anpil pwogrè ekonomik nan peyi
a ke Trujillo te dirije operasyon kout kouto l la.
Manyak li ye, Trujillo itilize yon modèl biblik pou li reyalize masak
li a. Nan Bib la, nou li kouman yo te touye 42 mil moun pèp Efrayim,
lage kadav yo nan larivyè Jouden, paske yo idantifye moun Efrayim sa
yo kòm etranje ki pa t kapab pwononse yon mo ki te nan lang moun peyi
a. Mo sa a sete «Chibòlèt»
«Apre sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote
pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa youn nan moun Efrayim yo rive
pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè
konsa, moun Galarad yo mande l èske se moun Efrayim li ye. Si li
reponn non, lè sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt
paske li pa t ka rive di l jan yo di l la. Lamenm, yo mete men sou li,
yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000)
moun nan branch fanmi Efrayim lan». JIJ12:5-6 (Bib la)
Nan mwa Oktòb 1937, sòlda Trujillo yo resevwa lòd pou yo fè tout moun
nwa yo rankontre bò fwontyè kanpe, pou yo pwononse mo "perejil", ki
vle di pèsi nan lang panyòl. Depi yo sispèk ou gen yon aksan Ayisyen,
lè ou pwononse mo sa a, yo blenn ou ak kout kouto, jouk ou mouri, epi
yo lage kadav ou nan larivyè Masak.
«M rele: "Manman!" ; li mouri; m rele, - "Papa!, Papa!," li mouri;
toulede youn sou lòt. Mwen rete mwen yon sèl nan savann nan, san bwè,
san manje....» Temwanyaj Irelia Pierre.
Lasosyete, pa pito nou fè yon ti kanpo la a, pou jounen jodi a. Lè nou
retounen, nou va rapousuiv ak kèk temwanyaj moun ki te reyisi chape,
ak sekou Granmèt la, anba men kriminèl rasis Dominiken yo. Nou va
chèche konprann kijan popilasyon Dominiken, popilasyon Ayisyen,
gouvènman Dominiken, gouvènman Ayisyen e menm gouvènman Etazini...te
reyaji fas a kokenn chenn krim jenosid rasis sa a ki t ap fèt sou zile
d Ayiti.
Kidonk, tanpri, kenbe kè...n a pale nan yon lòt kadè. Sife!
-------
Ou ka li tèks sa a, ak kèk foto, nan adrès sa a:
Myspace.com Blogs:jafrikayiti MySpace Blog