Mwen kwe ke sitou an Ayiti, listwa se yon bagay kap rekomanse toutan!
Yo rakonte anpil bagay Lame te kon'n fe avan Duvalier; yo rakonte'm sa ofisye te kon'n fe nan "Club Exelcior" "Cercle Bellevue" elatriye... Le Duvalier monte, li fe VSN. Mmesye sa yo ki te kon'n gade sa ofisye lame te kon'n fe, yo men'm tou yo imite ofisye sa yo e yo fe pi red.
Pandan se tan, ti neg ap swiv! Ti neg ap founi je li gade! Tineg ap di tet li, kile se va tou pam! Apre 1986, Duvalier tonbe, yon nouvel klas neg ak zam (Sgt Hebreu) pran la relev. Sete 50 kob ak 2 gouden. Answit nou vin'n gen FRAPH, Attache, lame rouj, chime, PNH .... Sa moun ak zam sa yo ap fe, yo pa envante anyen: se swiv yap swiv sa tineg te kon'n fe avan yo.
Eske fok lame te kraze? Mwen pas konmnen. Eske fok yo te refe li? Mwen pas konnen. Sam ka di, seke si PNH ap kontinye konsa, li pa la pou lontan. Ki bon legzanp yo jan'm gen devan yo? Ki ed yo resevwa de lot peyi? Ki ankadreman nou bayo? Se nou ki fe za'm po ba yo? se nou ki fabrike"matraque" mete na men yo? Se nou ki gaz lakrimojen pou yo itilize? Se sa ase "les amis d'Haiti" ka fe pou PNH la?