Si gaz la che jan li che ya, ce pa fot Hugo Chavez.Ale voye ge wou nan Petro-Caribe,you program prezidan Hugo Chavez mete sou pye pou ede pays-yo nan karaib-la ak pri gaz-la kap monte bien ro.
Min Haiti (po dyab)pa fouti pran avantaj de li.Premye minis-la minm kanpe nan radio pou li ap di "ce pou nou pridan anpil le nou tande venezuela ap bay gaz".
Ce pi gro betiz premie minis lan di pou tan li fe sou pouvoa.Zanmi pou zanmi, si Haiti gin-yin zanmi tout bon vre, ce venezuela. you zanmitay ki tan-min depi nan zon ane 1815-1820 le Simon Bolivar tap plede fe antre soti en Haiti bo kote Petion pou li jwinn aid pou gro manman revolisyon li tap prepare nan Amerik latin nan.
Venezuela poko janm ban nou kou nan do.
Si Chavez sansib ou bien te sansib ak koz Jan Betran Aristid (moin cite non wou, moin pa detounin wou) ce paske li te pran nan you kout pa komprann.
Popilis pou popilis, li komprann li ta kapab soutni ti nonm nan. Min gin -yin gro diferans nan mitan 2 popilis sa yo.
You-n ce you demagog ki passe tout la vi li nan pran roulib sou do pep pov.
Lot, ce you nationalis ki angaje li nan politik pou li leve eskamp figui pep-li.
Nan sans sa, et nan sans sa selman, Hugo ce you 2ieme kastro.
Si zot gin-yin nationalis lakay li, pou kisa pa kab gin-yin nationalis nan pays venezuela, nan pays cuba, nan pays d'Haiti ak lot kote ankor?
Messye ki li nan gro liv yo, ce pou nou reponn. Paske MOUVMAN 5R pa nan literati, nou gin tan chazi. NOU CE NATIONALIS HAITIEN pwin ba.
AN NOU RIVE REVE!
AN NOU REVE RIVE
POU HAITI SISPANN DRIVE!
AN NOU TOUYE LA RONT
POU LA RONT PA TOUYE NOU.
MOUVEMENT 5R
ATTENTION:NOU prale koumanse bay pitit-pitit DESSALINES ak PETION Yo information sou Hugo CHAVEZ ak politik li. VISITE
5rgroup@yahoogroups.com.